Uncategorized

Note de presse de la S et H Global – 5 Novanm 2018

Nòt Pou la Press – 5 Novanm 2018

Soti mèkredi 24 Oktòb pou rive jounen lendi 5 novanm nan, akòz manifestasyon ak vyolans Sendika ki rele SYNOTRASHG la [kout wòch, kout boutèy, ouvriye blese, kamera siveyans kraze, menas vèbal ak presyon sou machann manje ki abitye vann nan Pak la, e latriye] pou anpeche ouvriye ki vle travay rantre nan Faktori yo, Konpayi S&H Global nan Karakol deja pèdi 3 jou edmi sou 7 jou tavay; e si, nan moman sa la, Otorite Peyi a pa di yon mo, li pral pèdi ankò, jan sa anonse, 2 lòt jounen travay , madi 6 ak mèkredi 7 Novanm nan.
Konsa:
• Konpayi a ap fè gwo defisi, e li kapab pèdi konfyans kliyan l yo lè li pa respekte angajman li envè yo;
• Anviwon douz mil (12,000) ouvriye ki vle travay e ki pa kapab rantre travay akòz entimidasyon ak vyolans yon ti ponyen brigan nan SYNOTRASHG ki pa depase ven (20) moun, ouvriye sa yo ap pèdi nan salè e yo pap kapab respekte angajman, ti dèt pèsonèl yo genyen;
• Peyi a men pap sispann fè bak pandan ekonomi li ap vi n pi fèb chak jou.

Sa ki pi mal la, se paske li klè ke se tan ak lajan kap pèdi pandan kèk moun ap chache manipile ouvriye dekwa pou yo regle zafè pèsonèl, espesyalman pou yo konstwi imaj politik yo an fonksyon anbisyon ak foli yo genyen.

N’ap pwofite fè konnen ke konpayi S&H Global, depi li rive etabli nan Peyi a, pa janm sispann travay ak Otorite Peyi a dekwa pou li amelyore kondisyon lavi Ouvriye li yo ak tout fanmiy yo. Se pou rezon sa yo:
• Konpayi a mete ak Leta Ayisyen ki reprezante pa SONAPI pou li ofri sèvis transpò pou tout Ouvriye Pak endistriyèl Karakol la; e li kontinye batay chak jou ak Otorite Leta yo pou yo kontinye amelyore sèvis transpò a;
• Chak ane, Konpayi a òganize yon gwo Misyon Medikal, nan Nò ak Nòdès, dekwa pou li asire santé ouvriye l yo ak tout fanmiy yo;
• Konpayi a louvri depi lane 2012 yon gwo lekòl modèn nan rejyon an, yon lekòl ki pi fre, pi bèl, pi avanse nan pwogram li pase anpil gwo lekòl nan Peyi a;
• Konpayi a pa sispann goumen ak Otorite Leta yo pou fè Ouvriye l yo benefisye, jan sa dwa, tout sèvis ke Enstitisyon Leta yo tankou OFATMA ak ONA ta dwe ofri;
• Nan moman sa menm, Konpayi ap prepare dosye Ouvriye l yo pou yo kapab jwenn kouvèti Asirans Maladi ak Matènite nan OFATMA kòm sa dwa;
• Nan menm sans sa, Konpayi a batay ak ONA dekwa pou Ouvriye l yo rive jwenn kat yo
• Kidonk, batay Ouvriye l yo se batay pa Konpayi a menm, paske Konpayi a ki fè eksperyans nan anpil lòt Peyi konnen trè byen ke si Ouvriye l yo pa byen, li pap kapab byen mache.

Men li dwe klè pou tout moun ke okenn Konpayi pa gen dwa e yo pa kapab ranplase Leta: chak enstitisyon gen wòl pa yo nan yon sosyete. Kidonk, S&H Global pa gen otorite pou fikse salè minimum, ni pou pran desizyon sou kesyon IRI: sa se wòl Leta avèk enstitisyon l yo. SE PA WÒL S&H GLOBAL. Sèlman, S&H Global kapab apwiye ak ankouraje tout desizyon Leta Peyi a ki ale nan enterè Ouvriye Ayisyen yo an jeneral.

Konsa, Konpayi S&H Global kondane ak tout fòs li tout zak entimidasyon, tout vyolans lidè SYNOTRASHG yo ap fè sou Ouvriye l yo pou fòse yo pa travay e ki pa gen anyen pou wè ak dwa Ouvriye yo genyen pou yo fè grèv jan lwa peyi a mande sa. Grèv se dwa tout Sendika Ouvriye genyen pou fè tande vwa yo kote ki pa gen dyalòg, men vyolans ak entimidasyon se zak bandi, e tout peyi serye gen yon jan yo trete bandi ak zak banditis: se kòd lajistis yo mete nan kou yo… S&H GLOBAL dakò pou l kontinye travay men nan la men ak tout Sendika kòrèk ki konn wòl yo, fòs yo ak limit yo; men, li refize travay avèk bandi k’ap fè vyolans ak entimidasyon sou ouvriye pèzib.

To Top