Haiti

Monde: Les Haïtiens seront éligibles au programme de visa H2A et H2B pour travailler aux États-Unis

WASHINGTON, DC – Depatman Sekirite Enteryè, nan konsiltasyon ak Depatman Deta, te anonse gen sis nouvo peyi sitwayen yo kalifye pou patisipe nan pwogram viza H-2A ak viza H-2B pou ane k ap vini an. Anons lis peyi ki kalifye yo ap pibliye nan Rejis Federal la nan dat 10 novanm 2021.

Sekretè Alejandro N. Mayorkas te deklare: « Depatman Sekirite Enteryè pran angajman pou l travay ak patnè entèajans nou yo pou asire konpayi Ozetazini kapab ranpli djòb tanporè oswa sezonye ki pa jwenn travayè ameriken disponib. Ajisteman sis nouvo peyi sa yo pral pèmèt sitwayen peyi sila yo aplike pou travay tanporè Ozetazini. »

Ak anons sila-a, Sekretè Sekirite Enteryè a, ak konsantman Sekretè Deta a, deside:

Ajoute Bosni ak Erzegovi, Repiblik Chip, Repiblik Dominikèn (aktyèlman kalifye sèlman pou H-2A), alòske Ayiti, Moris, ak Sent Lisi sou lis peyi ki kalifye pou patisipe nan pwogram H-2A ak H-2B; epi
Retire Mòldavi nan lis peyi ki kalifye pou pwogram viza H-2A paske li pa respekte estanda règleman pou pwogram sila ankò. Men, Mòldavi toujou kalifye pou pwogram H-2A jiska dat 18 janvye 2022, sa ki fè yon ane antye depi dènye anons lan.
An total, sitwayen 85 peyi pral kalifye pou patisipe nan pwogram H-2A a, e sitwayen 86 peyi pral kalifye pou patisipe nan pwogram H-2B a nan ane k ap vini la-a.

Selon konsiderasyon pa li, USCIS ka apwouve aplikasyon H-2A ak H-2B (ansanm ak aplikasyon ki te deja ap tann tretman depi lè anons lan te fèt nan Rejis Federal la), pou sitwayen peyi ki pa sou lis peyi ki apwouve sou baz ka pa ka yo, si sa ta nan enterè Etazini, epi an akò ak règleman DHS. Pou detèmine aplikan ki kalifye yo, yo pral konsidere tout faktè ki enpòtan yo ak prèv ki prezante nan chak ka. Pou plis enfòmasyon sou pwogram sa yo, vizite paj entènèt Viza H-2A pou Travayè Tanporè Agrikòl ak Viza H-2B pou Travayè Tanporè Ki Pa Travayè Agrikòl .

Source/Ambassade des Etats-Unis en Haïti
Photo/Archives
www.anmwe.com

To Top