Accident

Kreyòl pale kreyòl konprann manman Fantom te di’l pa al sou cha ak ToniMixx (VIDEO)

Manman Fantom bay yon entèview, kreyòl pale kreyòl konprann, li di sa li gen pou’l di an san ke li pa lonje dwèt sou ankenn moun. Men li fè konnen Fantom se pitit li, li wè jou avan’l, lè’l di’l yon bagay si li pa tande’l l’ap mouri, l’ap viktim, e li fè konnen dènye fwa l’ap pran chòk l’ap mouri.

Li di li te gen yon prediksyon, li pa te di Fantom pa al nan kanaval, men li te di’l pi ga l’al sou cha ToniMixx lan, ni bann apye. Li fè konnen si li te ale, li t’ap gentan mouri. E sa ki pase a li te la pou li te pase. Li di te gen tan di yo sa te gen anpil moun ki t’ap mouri. Depi avan kanaval la li di li te di mesye yo aranje yo, li di li te di Fantom kòm ou menm se sou cha ou prale ou mèt ale, men li pa gen lòt pitit li ki pral nan kanaval paske gen anpil moun ki gen pou mouri. Li di li ta swete manman moun ki mouri yo wè sa ki pase an, pou yo konprann li, e pou manyè chita lakay yo al legliz tou. GADE VIDE YO AN pou tande sa frè, zanmi Fantom di.

LI ATIK SA TOU: Dwayne Wade di ki sa moun ki poko al vizite Haiti yo dwe fè ak sèlman yon foto

Video sa se yoon repòtaj Radio Televizyon Kiskeya fè, Tande sa manman Fantom di epi wa vini ak konklizyon pa’w.

Fantom nan bon spirit, li manje, li pale, li bay blag, li fè konnen depi doktè di li, ka ale lakay li, li pre.

fantom

Manman Fantom

Manman Fantom

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top