Announcement

Konkou Tèks Kreyòl 2015

Kominike! Kominike! Kominike!

Nan okazyon Jounen Mondyal Lang ak Kilti Kreyòl la, staff jounal Anmwe News ak yon gwoup sikolenguis ak lenguis Ayisyen ki gen nan tèt yo Djems VILLARD, Edwige DERIVAL ak Wilhelm-Sisley CESAIRE ap òganize yon konkou tèks Kreyòl Ayisyen sòti 25 Septanm 2015 pou rive 25 Oktòb 2015. Aprè analiz ekspè lang yo 3 premye tèks yo ap pibliye nan jounal Anmwe News nan dat 28 Oktòb 2015 ak anpil lòt sipriz toujou.

An nou mete men nan travay la pou nou ede lang Kreyòl la vin plis rich, an nou montre n’ kapab fè anpil bagay san lajan…

Voye tèks nou sou: [email protected]

Règ pou nou swiv:

1-Chak patisipan gen dwa ak yon sèl tèks.

2-Tèks yo dwe ekri nan lang Kreyòl Ayisyen an.

3-Nenpòt sijè entèresan kapab patisipe.

4-Fanmi ak tout moun ki gen relasyon ak manm jij yo pa gen dwa patisipe.

5-Nan dat 25 Oktòb aprè 5 kè lè Ayiti, nou p’ap aksepte tèks ankò.

6-Tèks yo pa dwe depase 1200 mo.

7-Konkou sa a ouvè ak tout moun ak tout peyi.

8-Tout patisipan aksepte tout règ sa yo ki anlè a san distenksyon.

 

Patisipe Patisipe Paitisipe!!!

Pa bliye ekri non, siyati ak peyi ou ye a nan tèks ou a souple.

haiti_640

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top