Haiti

Île de la Tortue vann a yon homme d’affaires nan Texas

HAITI – Depi lontan kit se nan bouch, nan radio, nan televizyon, politisyen toujou ap di Haiti pa pou vann. Ebyen san pèp lan pa konnen Île de la Tortue nan yon kontra pou prèske 100 ane, kote gouvènman Haitien pa gen dwa pou fè anyen sou li san pèmisyon envestè sa ki gen kontra sa nan men’l.

Pandan ke gouvènman tèt kale ya ap travay pou yo devlope endistri touris lan an Haiti, ebyen yo monte sou yon gro resif. Pa tro lontan Gouvènman Martelly/Lamonthe lan te siyen on kontra avèk konpayi Ameriken CARNIVAL CRUISE LINES pou yo te devlope Pointe-Ouest nan La Tortue kote konpayi an te gen plan pou yo depanse $70 milyon dola. Daprè Condé Nast Traveler yo fè konnen plaj sa, se yonn nan 10 meyè plaj ki ekziste nan karayib lan.

Biznismann sa ki gen kontra sa rele Pierson, kontra sa te siyen antre papa’l ki te rele Don ak prezidan Francois “Papa Doc” Duvalier pou li te develope zile an. Don te gen pou li te konstri Hotel, Ayeopò, kreye travay, etc… Pou yon rezon bagay sa yo pa te janm rive fèt, akoz lanmò Papa Doc, Jean C Duvalier egzile, plis koudeta apre koudeta, etc… Apre Carnival Cruise Lines vin enterese de pati lwès La Tortue an, Me. Pierson te pale avèk 3 reprezantan gouvènman Haitien, kote li te montre yo plizyè dokiman, e ki te gen ladan yon kopi de Le Moniteur, ki se kote anrejistrasyon dosye ofisyèl gouvènman te fèt, kopi an te make dat 5 Avril 1971 ki detaye tout bagay nan kontra. Gouvènman Haitien an poko janm kontakte Pierson.

Pierson ki eritye kontra paske papa’l mouri an 1996, an plizyè repriz diferan gouvènman Haitien kontakte li, tan kou Rene Preval, etc… Li fè konnen li pa gen pwoblèm pou li renegosye kontra. Li fè konnen ke papa’l envesti plis ke $700 mil dola US, e si se pa koripsyon ki te nan gouvènman Haitien ki pase yo, La Tortue t’ap gentan byen lwen, moun k’ap viv sou zile sa a t’ap viv mye ke jan yo ye an. Li pa vle di konbyen kòb li vle pou yo achte kontra nan men li.

Pandan tout tan sa kote majorite gouvèman ki pase an Haiti konnen ke yo pa ka fè anyen oubyen ni lwe Pointe-Ouest La Tortue, yo kenbe sa kòm yon sekrè pou pèp lan pa konnen. Tout politisyen toujou ap di peyi pa pouvann pandan ke yo konnen Île de la Tortue gen yon kontra 99 ane sou li kote pa gen yon Ayisyen ki gen dwa sou li.

la-Tortue

LI PLIS DETAY SOU ILE DE LA TORTUE NAN LYEN SA A http://www.miamiherald.com/news/nation-world/world/americas/haiti/article4285707.html OUBYEN KLIKE LA MIAMI HERALD

1 Comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top