Haiti

Fantom nan Televizyon Miami ap EKSPLIKE sa’k te pase 2eme jou kanaval la ( VIDEO )

MIAMI, Fl – Fantom rive nan ( ABC ) ki se yon gwo chaine televizyon nan etazini, li t’ap eksplike sa ki te pase sou 2eme jou kanaval la. Daprè sa li fè konprann, li pa sonje anpil bagay, men li sonje ke li te sou cha Barikad Crew la, li t’ap chante, li t’ap pèfòme, li t’ap fè moun danse, te gen fil kouran ki te plandye byen ba, yonn nan moun ki te sou cha te pran yon bwa epi li t’ap pouse fil kouran sa yo, men gen yon fil kouran ke moun lan rate. Apre sa, li tande boom, li pa konn anyen ki pase ankò, li endispoze, se apre lè li reveye ke li wè tout bagay.

LI ATIK SA TOU: Un groupe d’individus a tenté de troubler les funérailles officielles

Nan lòt pawòl ke li pale, li di ke li pa moun nan lopital Ayiti yo anpil kredi, yo fè tout sa yo kapab pou yo fè figi l parèt nòmal. Li di ke li ba gouvènman anpil kredi tou, se yo menm ki voye l vini nan lopital Miami pou li ka jwenn yon pi bon swen.

fantom-burn-face

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top