Entertainment

depi kilè w te konn wè tout avyon prive sa yo, Martelly pou’k ta fè yo antre, 50 avyon prive.

Port-au-prince, Haiti – Does President Michel Martelly really care about HaitianS being deported from DOMINICAN REPUBLIC? While most people may call it showbiz, animation or even find it to be funny, etc… but when thinking about the things he said last night, Haitian people deserve better, our nation deserves better. This is truly insulting. Here goes a few of the things he said last night that got people shaking their heads.

martelly-wayne

Lè prezidan ap danse, mete men’n anè pou’n aplodi’l, bon bagay… enbe, ban’m di’n on ti bagay, gen nèg ki pale anpil anpi yo paka fè anyen di tou.

Se on opotinite pou nou fè on bagay ke tout peyi ta renmen fè. Jodi a, tout peyi ta renmen wè Chris Brown ak Lil’ Wayne ap pèfòme pou yo. Nou jwenn yo gratis vinn Ayiti, bat bravo pou Ayiti, bat bravo pou Ayiti.
2
Gen nèg ki pwofite, o wi, Sen Domeng ap voye moun tounnen, se pa jodi a pou’n te fè konsè a, nèg sa yo se blofè yo ye, blofè yo ye. Chak jou Bahamas ap voye moun tounnen, yo pa janm di anyen sou sa, men yo vle pwofite de Sen Domeng pou yo jete Martelly, Martelly pa pè.

If you try to blow my mind, I don’t care, I don’t give a, kite mele…

bet pic

bet pic


M’ap panse pou nèg k’ap viv nan peyi a lontan, se premye fwa pèp la gen yon prezidan li rekonèt, gen prezidan ki t’ap fè bullshit deja lontan, men jodi a nou poze, n’ap viv ansanm, n’ap viv ansanm e m’ap di tout moun ki òganize sa aswè a, konpliman. Li lè pou Ayiti gen aksè a bagay yo pa’t panse yo te ka jwenn, li lè pou Ayisyen ka wè Chris Brown, li lè pou Ayisyen ka wè Lil’ Wayne, li lè pou Ayisyen wè Sweet Micky, El Michel… Paske nan chèche lajan, M te oblije al a letranje, Jodi a gade moun ki la, nou son pouvwa, nou son bagay, nou fè’l 1804, nou ka fè on pakèt bagay ankò.
M pat vle chante pou nou, m pat vle chante pou nou non, men lè’m finn wè Swizz Beatz, mwen finn wè Lil Wayne, m wè Chris Brown, M di gon dènye bagay nou ponko jwenn. Men èske nou mande m chante pou nou oubyen nou pa mande m chante, nou mande’m chante, si nou pa vle’m chante, m pagen pwoblèm non mwen menm… men se pandan, m pral mande nou pou nou bat on gro bravo pou saka’p fèt aswè a la, bat on gwo bravo.

Paske pandan n’ap pale la, on bagay nou pa konn wè pa mwa, aswè a sèlman, nenpòt ki 50 avyon prive antre nan peyi a, depi kilè w te konn wè tout avyon prive sa yo, Martelly pou’k ta fè yo antre, 50 avyon prive.

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top