Kanaval

Djakout #1 ap travay sou AVILIYO #2

Djakout #1 re antre nan stidyo pou li ka al travay sou Remix Kanaval Avili yo a. Daprè sous nou mesye Djakout yo te gen plis koze pou yo te mete deyò, pou yo te ka AVILI YO. Men Djakout pa te vle mete tout zen yo deyò on sèl kou, yo te oblije kenbe nan zen yo pou si T-Vice te lage yon bonm sou yo, pou yo te ka reponn.

Djakout Kanaval poster Remix 2014

Djakout Kanaval poster Remix 2014

T-Vice pa trò antre fon nan vi pèsonèl nèg yo, e sa yo pale de yo an se bagay ki te deja pase kèk ane. Pa ekzanp zen madan Pouchon an se yon bagay ki te pase kèk tan. Malgre tout sa a, AVILI YO #2 ap vini. Plis zen, plis lòbèy.

Daprè sous nou, T-Vice te gen yon pi bon kanaval avan yo te tande Kanaval Djakout #1 Avili yo, se apre sa a mesye sa yo re al travay sou nouvo Kanaval yo.

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top