Haiti

Black Alex di li pa gen lòt metye, li pa ka kite biznis li k’ap bay kòb pou l’al konvèti

Nan yon entèvyou ke Black Alex te bay nan Chokarella avèk Carel Pèdre sou Radio One, Black la detaye tout vrè rezon ki fè li te ale nan Shalom lan. Daprè sa atis la fè konprann nan entèvyou sa, li p’at ale nan legliz Shalom lan pou li t’ale konvèti, men kòm nan lavi li, li toujou ap kwaze ak anpil pwòblem, li te jis pran desizyon desann nan legliz Shalom lan pou li te ka fè yo priye pou li.

Nan lòt detay ke Black la bay nan entèvyou li te fè nan ( CHOKORELLA ), li di: ” men nèg yo yo menm, dèske mwen te vini nan shalom lan, yo di y’ap konveti’m, men mwen menm, m pa yon rondonmon, m pa yon bèt, m paka nan mitan 10 mil moun, 20 mil moun, 50 mil moun epi pou yo mande’m si m’ap konvèti pou’m di non, m’oblije aksepte, m konnen’m toujou renmen bon Dieu, men’m pa di ke mwen pra’l kite biznis mwen k’ap banm kòb pou’m al konvèti, se pa mizik la ki fè’m mal, m gen lekòl pitit mwen pou’m peye, m pa gen lòt metye…

Pwofite Koute rès Interview…

LI ATIK SA TOU: Le rappeur haïtien « Black Alex » a donné sa vie au Seigneur

[soundcloud url=”https://api.soundcloud.com/tracks/189775617″ params=”color=ff5500&auto_play=true&hide_related=false&show_comments=true&show_user=true&show_reposts=false” width=”100%” height=”166″ iframe=”true” /]

Ou menm wa jije: sa se video lè’l t’ap konvèti a

black-alex

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top