Haiti

Ayiti: Prezidan Jovenel Moïse ranfòse flòt ekipman TPTC pou akselere konstriksyon wout

PÒTOPRENS – Prezidan Repiblik la Ekselans Jovenel Moïse, akonpanye ak plizyè palmantè , tankou kestè chanm depite a onorab Gary Bodeau ak depite Gwomòn nan, onorab Fritz Chéry remèt yon lo materyèl bay responsab TPTC yo, nan lide pou akselere konstriksyon wout Kafou Jòf/ Ansafolè a, ki pral pèmèt plis ouvèti pou depatman Nòdwès la.

9 kamyon ak 3 ekskavatris sa yo, vin ranfòse materyèl ki te deja disponib pou konstriksyon wout la. Yo pral sèvi tou nan reyalizasyon tout lòt gwo enfrastrikti chèf leta a ap gen pou mete sou pye nan tout Gran Nò a, a travè karavàn chanjman an, nan lide pou materyalize pwomès li te fè pou entèkonekte tout komin nan peyi a epi kreye pòl devlopman nan tout depatman yo.

Pandan lap remèt materyèl sa yo, chèf leta a pwofite esplike nesesite ki genyen pou leta ayisyen achte anpil lòt ekipman toujou, nan sousi pou konstwi plis wout kap pèmèt chanje kondisyon lavi popilasyon depatman Latibonit ak depatman Nòdwès peyi a. Ekselans lan pwofite fè yon rale sou gwo travay ki pral gen pou fèt sou divès rivyè nan Latibonit, espesyalman rivyè Lakent lan.

Nan menm okazyon an, Prezidan Jovenel Moïse , anonse konstriksyon 8 ayewoga nan plizyè depatman peyi a, pou fasilite sikilasyon sitwayen yo, pandanl tou anonse inogirasyon wout prensipal Kanperen an ki fikse pou 22 desanm kap vini la.

Sous/Ministè Kominikasyon
Foto/Ministè Kominikasyon
www.anmwe.com

CNE-TPTC

To Top