Featured

Atis konpa ap viv nan tan lantikite pandan fanatik yo ap viv nan tan enfòmasyon.

Nou apèn antre nan ane 2014 lan, ou deja santi 2013 sonnen avèk yon ane ki deja genyen 2 zan pase. Se yonn nan rezon lè djaz avèk atis yo ap mete album deyò, yo fè anpil gro erè lè yo lage’l nan fen ane. Akoz de media sosyal tankou, Facebook, Twitter, Youtube, etc… san konte dè milye sit Ayisyen k’ap pataje tout sa ki nouvo, lè yon djaz mete yon mizik oubyen yon album deyò, li rive sou fanatik yo rapid, e se konsa tou mizik yo pase mòd tankou zèklè.

2013 Konpa Album

Si n’ap gade album ki te soti nan ane 2013 lan, djaz kite byen lage sete Zenglen, Klass, Disip, avèk T-Vice apre sa tout lòt yo fè yon gro erè. Pa ekzanp ou gen Carimi, Nu-Look, avèk Harmonik, mesye sa yo te dwe rete tann 2014 oubyen apre kanaval pou yo te lage. Paske lè moun ap pale de album sa yo, yo p’ap di album sa yo te soti an 2014 men pito 2013. Pou yon rezon album nan gentan parèt aje san ke yo poko menm gen 3 mwa. Nan tout biznis strateji se kle li ye.

[yop_poll id=”5″]

Fanatik konpa plis avanse sou afè teknoloji an ke djaz avèk atis yo. Sa ki fè sa anpil atis Ayisyen pa te pran medya sosyal pou yon gro bagay, e sa koz yo dèyè anpil. Lè yon atis lage yon mizik deyò, si se yon atis ki gen non nan biznis lan, li pran mwens de 48 tè de tan pou li kouvri tout kote Ayisyen ap viv, nan kwen planèt lan. Alò se yon gran choz, diran yon ane, album nan deja epize, anpil fanatik deja santi yo bouke avèk mizik yo e yo gen tan pare pou lòt nouvote djaz la dwe pote. Lè nou gade Disip, Zenglen, album sa yo po ko menm gen yon ane, men pou yon rezon ou santi yo bezwen pou yo lage yon ti bagay nèf pou fanatik yo. Gabel menm ou santi yo pa ekziste nan Konpa ankò, paske ou pa vrèman tande pale deyo. Ou gen Djakout #1 anpil moun panse djaz sa pa kraze, Ou gen Kreyol La, ki sanble li sou kabann lopital ki malad byen grav ou pa konnen si y’ap sove oubyen si y’ap pedi’l. Tout sa se paske djaz yo pa reyalize nan ki tan y’ap viv konnya. Menm sa a ansyen djaz yo te konn ap fè nan ane 80 yo toujou ap swiv menm fòmil lan.

Si ou ap gade, yon djaz nan moman sa pa dwe pran plis ke 1 ane edmi pou yo mete yon album deyò, e diran 1 an li nesesè ke yo mete kèk single deyò, si non djaz la preske parèt li pa an sèvis. Menm Klass ki gen yon album k’ap mache li trè enpòtan pou yo lage yon single pou yo ka rete vivan nan endistri an. Ou gen Carimi album li poko menm gen 3 mwa menm ou santi yo frèt kon mab. Si yo pran menm kantite tan yo te pran pou te lage album sa apre Buzz, ebyen yo mèt tou pran tèt yo lage nan tou, paske y’ap pèdi anpil fanatik.

Yon lòt bagay pou djaz yo met an tèt, lè ou pran 3 oubyen 4 ane pou mete yon lòt album deyò, fanatik kite konn al nan bal 3 ane de sa, yo pa al nan bal menn jan ankò, e gen sa ki konplètman pa soti al nan club ankò. Li nesesè pou djaz yo kòmanse wè sa a. Tout djaz yo ap viv nan ane 80, 90, 00, yo pa mete nan tèt yo gen entènèt nan tout ti kwen nan mond lan. Nan ane sa yo, ou te ka pran 3 zan edmi pou mete yon album deyò paske li te pran tan pou li rive jwenn tout fanatik an menm tan, li te pran tan avan yon DJ jwenn moso mizik sa, li te pran tan avan yon chèn televizyon te jwenn video sa a; men konnya se menm kote ou lage’l lan, fanatik ak media gen tan jwenn li.

Jan nou di’l Atis avèk djaz yo ap viv nan tan glasye (ice age) pandan ke fantik yo ap viv nan tan enfòmasyon (Information age). Atis Konpa yo mèt kòmanse pran menm modèl avèk atis rap kreyòl yo, si non anpil moun fanatik ap vire do bay yon seri de djaz.

Opinyon ou enpòtan pou nou, fè yon kòmantè, di ki sa ou panse de sijè sa a.

To Top