Accident

8 Haitien mouri apre yo te sot bay Bondye glwa pou Dimanche Ramo

MOORE HAVEN, FLORIDA – Yon bus legliz ki te pote 18 moun, yo te soti Fort Myers pou yo te retounen Fort Pierce te fè aksidan apre yo te fin patisipe nan selebrasyon Dimanche avan fèt pak. 8 moun te arive pèdi vi yo. Bus sa se pou legliz Independent Haitian Assembly of God ki nan Fort Pierce. Aksidan sa te fèt nan yon entèseksyon bò minwi 30 (12:30 AM).

Un haitien pète les plombs à bord d’un vol et doit payer plus de 7000 dollars

10 lòt moun ki te nan bus lan, anbilans te pran yo mennen yo lopital, men gen 2 nan yo ki nan yon eta trè kritik. Gen 5 nan moun yo lopital te ekzeyate, yo pa te si grav. Daprè sa yonn nan moun ki te nan bus lan fè konprann, chofè an pa te reyalize li t’ap pral pran yon koub, e lè li te vin wè sa li te gen tan tro ta li pa te ka kanpe a lè. Chofè bus lan mouri nan aksidan sa. Legliz Independent Haitian Assembly of God gen ape prè 200 manb ladan.

Non moun ki mouri yo

– Volsaint Marsaille (Chofè), 58, Fort Pierce.

– Jude Petit-Frere, 66, Fort Pierce.

– Obernise Petit-Frere, 58, Fort Pierce.

– Lifaite Lochard, 58, Fort Pierce.

– Madeleine William, 53, Fort Pierce.

– Wanie Larose, 50, Fort Pierce.

– Dazilla Joseph, 79, Fort Pierce.

– Servilus Dieudonne, 71, Port St. Lucie.

Non moun ki blese yo

– Claudette Fleurvil, 44, Fort Pierce, trè grav.

– Innocent Roseme, 89, Fort Pierce, trè grav.

– Esperant Lexine, 57, Fort Pierce, trè grav.

– Jose Zimero, 26, Fort Pierce.

– Jean Rafael, 73, Fort Pierce.

– Marilia Dieudonne, 65, Fort Pierce.

– Nozaire Nore, 48, Fort Pierce.

– Nicholas Alexis, 57, Fort Pierce.

– Macaty Jean Jacques, 53, Fort Pierce.

– Faeyana Desirus, 4, Fort Pierce.

Appel à l’aide pour sauver la petite Marie Edloujie

independent-haitian-assembly-of-God

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top