Love & Sex

20 bagay tout fi dwe fè lè yo sou kabann ak mari yo

LOVE & SEX – Medam, medam, medam… tout fanm ka gen yon nèg, men konn ki jan pou kenbe yonn, pou li rete sèlman pou ou, li pran plis ke bèl figi, ak bèl kò. Lè ou sou kabann ansanm ak li, si tout “LES CHOSES” pa ale byen, kote pou nèg lan pèdi tèt’ay, apre sa pou li kouche sou do, oubyen pou li jis kouche dòmi pran’l, ebyen ou gen yon pakèt pwoblèm nan men’w. Ou wè chanm se nou menm medam yo ki mèt li, se la pou ou kòmande yon gason epi fè li tounen yon ti bebe, si ou kite se nèg la k’ap di’w sa pou fè ladan, aaaa… ou pa gen nèg. Alò si’w pa konnen sa pou’w fè, pran tan’w pou’w byen li atik lan.

woman-on-top

Antouzyas
Ou wè sex, nenpòt moun ka ba ou 10/10 pou efò ou fè. Men gason renmen fi ki renmen fè sex, kote fi an bay tout kò’l, tout nanm li pou li satifè nèg li seksyèl man. Men afè ou la, ou jis kouche la, menm jan ak yon dra yo kouvri yon kabann, ebyen se tann nèg lan ap tann ou sal, pou li ka al lage’w nan yon panye rad sal, pou li ka mete yon lòt dra nèf.

Nan pwen yon bagay ki bèl kon sa lè yon fi ouvè, li pa aji timid. Kote fi an mete nèg li alèz, e nèg lan vin si tèlman alèz tou, li tounen Kristof Kolon k’ap plante kwa sou tout ti moso tè li dekouvri nan Nouvo Mond lan.

Nouvo trik
Gason renmen fi ki vle eseye nouvo bagay. Sa pa vle di fò ou ale jis nan pol sid, men li enpòtan e nesesè pou ou ouvè avèk nouvo ide. Anvi seksyèl se menm jan lè yon moun gen apeti. Men jis paske ou gen apeti, sa pa vle di w’ap vle manje menm manje ya chak jou. Ebyen se menm jan ak sex, yon gason pa vle menm kouche sou kabann nan chak swa, menm leve pye a, menm kouche sou do a. Li bon pou ou pran yon chèz tou, li bon pou ou ale sou tab la tou, etc… Li jis bon pou ou eseye nouvo bagay. Pa nan di o, mwen pa yon bouzen, mwen p’ap fè bagay kon sa, ebyen sa ou pa vle fè an yon lòt fi ap fè li pou ou. Sa’w tande a li kòmanse dòmi nan yon lòt kay, alò sispann fè menm bagay la chak swa, eseye nouvo bagay. Men mete nan tèt ou depi ou kòmanse fè li, konnen li la pou li rete. Pa gen afè se eseye ou t’ap eseye non.

Lwanj
Pou anpil fi yo panse se sèl yo menm ki bezwen reasirans de bote yo. Men sa yo pa konnen ke gason gen anpil ensekirite lakay yo tou. Yon fi ki jwenn kèk bagay pou li ka konplimante mennaj li, li p’ap gen pwoblèm afeksyon nan men li. Tout gason bezwen konnen eske yo gen yon bagay ki mete fanm sou sa. Li ka nenpòt bagay. Men li bon lè ou jwenn yon bagay ou santi depi li fè’l li mete ou sou sa. Petèt se jan li niche po bouch li, jan li anbrase’w, etc… Li bon pou ou bay mennaj ou ti non gate pou monte konfidans li, si tou si konn depoze. Pa jis rete bèkèkè.

Otoritè
Se pa yon yon jwèt, medam. Tout gason bezwen yon fanm ki ka di’l sa pou li fè – o mwen nan chanm nan. Anpil gason renmen lè yon fi ka ba yo yon ti entriksyon, espesyalman si sa ka fè yo arive satisfè’w. Lè yon fi ka gide yon gason, kote li pa bezwen devine sa kap ede li fè sa l’ap fè an. Sa ka mete plis presizyon nan sa l’ap fè an. Alò medam jis pa aji menm jan avèk yon polis k’ap dirije trafik.

Konfidans
Gason renmen fi ki pa gen pwoblèm si li kite limyè an limen. Sispan bay tèt ou pwoblèm pou ti mak ou gen sou kò’w. Gason se yon bèt ki renmen gade. Lè ou anpeche li wè sa li gen devan li an, li vin anpeche li fè travay li kòm sa dwa. Limyè a pa bezwen fikse sou ou, men li bezwen yon ti limyè.

Kenbe sex nan panse’w
Yon fi ki konnen jan pou li kenbe sex li an avan gad, epi konn jan pou li sèvi ak li nan piblik – sa vrèman atiran. Konnen jan pou ou jwe ak yon gason an piblik seksyèlman ka yon plis. Fèl konnen w’ap panse avèk sex tout jounen an. Sonje sèvo’w se pi gro zouti ou ka posede seksyèlman.

Fantezi
Gason renmen lè li jwenn yon fi ki pa gen pwoblèm pou koute ki jan de fantezi li genyen, e an menm tan moun nan ka di li pa’l tou. Anpil gason pa renmen di mennaj yo ki jan de fantezi yo genyen, paske yo pa vle jwenn yon vye reyaksyon, tankou ” sispann jwe, sanble ou malad”. Sa pa vle di ou dwe fè ezakteman sa li di’w lan, men ou ka negosye ak li. Jis chita kreye yonn pou tèt nou ansanm.

Inisyativ
Gason renmen fi ki pa pè mande fè sex, men ki jis kite li jere ròl gason li. Pandan ke majorite gason renmen an chaj, men lè se li ki toujou ap mande sex, sa ka vin bay yon ti pwoblem. Se yon bèl bagay lè yon fi ka pran kontwòl tout bagay, montre’l li te anvi’l. Se fantezi anpil gason, pou li pafwa ki te fi an an chaj, menm si se pou yon ti bout tan.

Pale Vilgè
Gason renmen lè fi ap pale avèk yo pandan y’ap fè sex. Pou di yo ki jan ou santi’w, di yo sa ou vle. Sa gason tande, wè, santi, tout sa mache ak sèvo’w. Pale vilgè avèk mennaj ou se yon lòt fason pou mennaj ou ka plis sou sa. Ou vin fè gason an sikolojikman vin plis sou sa, paske gason vrèman atire avèk fi ki pa konplekse seksyèlman.

Akasepte mennaj ou tout fason
Si li di’w pou ou bwè ji damou li, ou ka wè sa se yon bagay moun malpwòp, se yon frekansite, pou yon gason sa vle di anpil. Sa vle di ou pre pou ou fè tout bagay pou li, ou renmen li anpil, e ou aksepte tout li menm. Ebyen jis fè’l. Se yon pwogramansyon depi lontan ki di, voye antre andedan. Se yon doub plezi li ye pou yon gason, pou li resevwa yon oral sex vizyèl, e pou mennaj li jis kite ji gason’l fonn andedan’l.

Yon ti masaj
Se ki gason ou konnen, ki pa renmen yon fi ki konn bay masaj. Se pa ti jan seksyèl sèlman, menm si ou ka mete anprent seksyèl ou sou li se yon plis. Gason renmen pou yo santi byen toupatou. Touche, se dezi fondamantal tout moun. Sansyèl ou pa, li ka yonn nan meyè kado yon moun resevwa. Lè yon moun ap manyen’w tout kote li ka mennen a yon bagay trè amizan de tout fason.

Renmen tèt ou
Eske ou vle li rekonesan e sipriz?
Yon fi ki pa pè manyen tèt li devan mennaj li se yon fi ki gen anpil konfidans nan tèt li. Si ou santi’w ou se yon fanm ki trè sexy, w’ap kreye yon afichaj ki gen anpil chalè ladan, kote pa gen gason k’ap jis kanpe gade san ke yo pa antre ladan. Se yon pakèt bagay pou yon gason, sa montre’l ou vle pataje tout bagay ansam avèk li, e ou menm arive fè zye’l plezi.

Dantèl
Ou ka ap mande tèt ou, pou ki sa pou al gaspiye lajan’w, nan lingerie, nan rad seksi, ki pral pliye an boul, epi vòltije atè nan 2 segond. Gason pa fin renmen kado yo dekouvri. Menm si yo konnen yo pral wè tout bagay, men yo vle pou imajinasyon manifeste, e sa trè enpòtan pou nou. Li bon pou gason dezabiye’w ak zye’l avan, apre pou li dezabiye fizikman. Se yonn nan rezon pou fi an pa nan plede ap mache toutouni devan mari’l. Lè ou fè sa ou tiye imajinasyon’l.

Li nesesè pou di
Gason pa fin trò fanatik sex ki trò dous, afektye, romantik. Yo plis vle yon sex ki yon ti jan di e an menm tan vilgè. Li pa dwe tout tan se yon bagay koneksyon emosyonèl antre nou. Li renmen genyen dezi, e an menm tan li renmen lè li jwenn yon moun ki ka fè li anflame tou ti panse sal li te gen nan tèt li.

San atann
Eske ou se yon fi, fò tout bagay byen prepare avan ou kòmanse fè lanmou, ou byen ou se yon moun depi feeling ou monte’w, nenpòt kote ou jwenn ou bon. Li bon pou ou pa limite tèt ou. Ou menm ak mennaj ou feeling monte nou, ou pa dwe gen yon bagay ki pou kenbe nou antre an aksyon. Gason renmen sa yo pa konnen ki ka rive. Lè yon bagay fèt yo pa te atann pou li te fèt, sa fè grenn zye yo soti, an menm tan li make yon tan nan relasyon nou, e se yon tan li pap janm bliye.

Sou sa
Pa janm gen yon moun ki toujou sou fè sex, men plis efò ou fè, se plis chans ou genyen pou ou vle fè’l. L’ap renmen sa paske ou vle ba li plezi, sa ap fè li santi ke ou renmen’l e li enpòtan. L’ap trè enpresyone ke ou toujou fè efò menm si ou pa sou sa, e pwochèn fwa lè se ou ki nan bezwen l’ap pre pou li ba ou sèvis tou. Lè ou gen yon gason ki toujou sou sa, fò ou ka kenbe.

Lakay ou
Olye ke w’ap planifye pou ou soti, fè chanm ou tounen destinasyon’w pou fen semèn nan pafwa. Si nou gen yon ti grangou ki kenbe nou, achte manje a pou n’ale. Se pa paske soti ak mennaj ou pa bon, men pa fwa rete lakay ou se yon lòt fason pou ka ba li plis atansyon.

Fè li fou avèk yon dènye mouvman
Menm si se yon pozisyon oubyen yon mouvman pou ou fini avèk li, fè yon dènye aksyon ki fèt espesyalman pou li. Menm si ou ba li pote non li. Li vle santi ke li se sèl gason ki ekziste nan mond lan, e se yon bon fason pou fè li konn sa. Li renmen trètman espesyal, sa se yon bagay espesyal ou, ou pa pataje’l ak okenn lòt moun.

Voye
Pa fè kòm si ou voye, si li fè ou santi’w byen jis fè li konnen. Li renmen tande ke li ba ou plezi, e sa ap fè li byen anpil. Kontrèman a sa ou panse, se yon pakèt bagay li ye pou yon gason lè li tande li ba ou plezi.

14 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top