Crime

Yon jèn gason tire madanm li ki ansent nan tèt pou yon text mesaj

PORT ST LUCIE, FLORIDA, USA – Chekingson Sinclair ki gen 21 an tire madanm li ki rele Latwassa Argrett ki gen 24 an. Polis fè konnen apre li fin tiye madanm li pran 3h de tan pou li te rele polis.

Daprè sa polis fè konprann misye tiye madanm li apre yo te fin gen yon diskisyon akoz de yon mesaj ke madanm li resevwa ape prè 6:30AM. Chekingson fè konnen apre li wè mesaj madanm li te resevwa, li pran telefòn nan li lage li nan twalèt lan. Apre ke li te fin fè aksyon sa a, tout zen te pete. Argrett ki pa te renmen sa, li te pran yon kouto, pou’l wè si li te ka pike mari’l. Checkingson menm te rale zam li, li tire premye fwa, madanm nan pa te pran, li tire ankò madanm nan pran bal la dèy tèt li.

[su_button url=”http://www.news.anmwe.com/yon-neg-peze-kou-yon-fanm-li-jwenn-sou-entenet-lan/” background=”#ef362d” size=”6″ radius=”5″ icon=”icon: arrow-right” text_shadow=”1px 1px 1px #000000″ rel=”Yon nèg peze kou yon fanm li jwenn sou entènèt lan paske li pa rezanble foto pwofil li”]AL LI ATIK SA TOU[/su_button] Yon nèg peze kou yon fanm li jwenn sou entènèt lan paske li pa rezanble foto pwofil li

chekingson-sinclair

Men polis fè konnen pa te gen anyen ki te parèt gaye andedan kay la, ki demontre ke te gen yon goumen andedan. Apre yo te fin egzamine kò an, yo dekouvri ke misye tire madanm li, nan yon distans trè pwòch, ki de manti tout bagay misye di la polis. Misye te fin tiye dam nan li pran 3h tan pou li aranje tout bagay an favè li, pou li te k’ap prouve ke se defann li t’ap defann tèt li. Daprè sa polis fè konprann, kouto an se plase Checkingson te plase bò kote madanm li, apre li te fin tiye li.

Argretta ki te 7 semèn ansent, misye te nan dout ke pitit la ka pa pou li, e madanm li ka ansent pou ansyen mennaj li. E daprè sa Lyetnan Scott Beck, fè konpran mesaj misye te dekouvri nan telefòn nan, se ansyen mennaj madanm li an ki te voye li.

12 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top