Featured

Richie avèk Arly men nan kou kòm 2 bon zanmi

Yon foto pafwa vo plis ke mil mo. Pou anpil moun lè ou di Arly ou pa wè Richie, lè ou di Richie ou pa wè Arly. Yonn nan rezon ki fè sa se paske 2 mesye sa yo sitèlman fokis nan travay yo, sa koz li pa fasil pou wè yo ansanm.

Richie, Arly

[yop_poll id=”5″]

Ebyen gras a yon konpayi, 2 gro prodisè KONPA ki fè HIT apre HIT nan HMI la, parèt nan yon foto ansanm, yonn pase men nan kou a lòt, sa fè plezi a wè. Ou jwenn 2 Djaz super star sa yo KLASS avèk NU LOOK k’ap byen mache nan moman. Album FE’L VINI AVAN avèK I GOT THIS ap fè anpil bri nan HMI la. Si nan moman sa a la ou pa gen 2 album sa yo nan koleksyon’w ebyen ou manke anpil.

Siyn sa yo pote yon sans de solidarite nan HMI la, nan kominote nou. Sa ka pèmèt anpil fanatik Konpa plis konprann e plis aksepte ke 2 prodisè sa yo ap travay pou yon sèl bi, se pou mete Konpa pi ro. Pou anpil moun Arly avèk Richie pa zanmi, yo plis wè 2 mesye sa yo kòm rival. Se nòmal pou chak pròdisè sa yo jere bizinis yo, men foto sa afime piblik lan ke mesye yo pa gen kras pròblèm

Richie Arly

Image source: Facebook
Credit to: Patrick A.

To Top