News

Nelson Mandela mouri a laj de 95 zan

Jodi Jedi 5 Desanm 2013, premye prezidan nwa Afrik di Sid, Nelson Mandela mouri a laj de 95 zan daprè prezidan Afrik di Sid Jacob Zuma.
Nelson Mandela t’ap goumen avèk yon enfeksyon nan poumoun. Ebyen Jodi a li mouri devan fanmiy ak zanmi li.

Nelson Mandela

Lavi’l se yon trofe, yon “HERO” pou tout pèp sou latè. Yon moun ki batay pou sa ki bon, li te batay pou tout moun tout koulè ki sibi enjistis, prejije. Alò libète pa janm gratis li peye sa ak vi’l. Malgre tout sa li sibi nan vil, kè’l te ba li kouraj pou li renmen, pou li apresye tout moun ki te bòkote li, e menm moun ki te arive anprizone li.

Nelson Mandela yon non ke le mond pa janm gen dwa bliye. Yon non pou nou pale pitit nou de li, pou pitit pitit nou pale pitit yo de li. Malgre li viv long ase pou li wè anpil chanjman nan peyi’l Afrik di Sid, men moman sa pa yon moman nou ta vle rive konnya. Li pase 27 ane nan prizon jis paske li t’ap goumen pou egalite, respè, jistis, pou’l te efase diskriminasyon etc.. Malgre tout sa li te rive prezidan peyi’l e sèvi pèp li te bay 27 tan pou li an.

Lavi’l se yon enspirasyon. Nou dwe pran vil kòm yon ekzanp. Kontinye batay pou sa ou kwè, pou sa ki bon, menm si ou k’ap santi le mond kont ou, pa janm lage, genbe la, jis kaske ou genyen batay la.

Nelson Mandela, yon gro nonm. Yon kokenn chenn gason ki pa te kwè nan divizyon, jis paske nou diferan sa pa vle di nou pa ka ini nou. Malgre blan te mete’l nan prizon pou 27 ane, lè li rive prezidan, li chita travay avèk yo paske li te wè peyi’l anvan. Yon leson nou pèp Ayisyen bezwen, nou pa bezwen dakò men an nou mete tèt nou ansanm pou peyi pa nou an, ka libere kont povrete.

To Top