Haiti

Monde: François Nicolas Duvalier « Nou tout ka diferan men nou tout se ayisyen »

NEW YORK, NY – Jounen 15 jiyè pase a mwen patisipe nan aktivite “Peace Starts With Me ” ki vle di ” Lapè Komanse Avèk Mwen”, ki planifye pa Oganizasyon “Universal Peace Federation”. Yon institisyon ki fè promosyon Lapè nan le mond. Oganizasyon sila-a UPF fè anpil mediasyon nan mond la sitou lè gen gwo konfli nan yon peyi sou kestion ras ak relijyon.

Mwen sezi opotinite a pou mwen di nou, nou menm sè ak frè ayisien mwen yo, li lè li tan pou nou komanse fè lapè ak tèt nou, youn ak lòt, nou tout sot nan menm rasinn, rasinn sa-a se Haiti. Se pou nou pote kole pou nou sispann goumen youn kont lòt, Haiti ret dèyè. Haiti, rasinn nou, mwen menm avè’w bezwen yon vre rekonsilyasyon nasyonal sou orijin sosyal nou, relijyon nou ou tout kalite fòm diskriminasyon nou simen nan kè chak frè ak sè nou.
Se pou nou aksepte youn lot.

Nou tout ka diferan men nou tout se ayisyen.
François Nicolas Duvalier

Anmwe
www.anmwe.com

Nicolas-Duvalier

To Top