Beauty

Medam an Haiti ap pase pèmanant ak tetrasiklin pou yo ka vin grimèl

Haiti – Pandan ke fi nwa toupatou nan lemond ap itilize pèmanant pou cheve yo ka pi bèl, pi long, pi fasil pou penyen, ebyen an Haiti, ou jwenn yon pakèt fi po nwa, ou menm jwenn gason ladan k’ap itilize pèmanant pou yo ka vin grimo oubyen grimèl. Yo pa mete nan tèt yo demen, yo kapab peye sa trè chè, kote pwodwi chimi sa yo y’ap pase sou po kò yo a ka vin ba yo kansè nan po. Yo pa wè ni 2 ni 3, fò yo gen po klè, pou yo kapab santi yo pi bèl.

Nan Gonaives anba yon solèy byen cho, yon jèn fi te kanpe anba yon stann, kelke heures de tan avan defile yo te kòmanse ap pase pou premye jou kanaval, ou kap wè koulè manmzèl te kòmanse ap chanje, figi li te vin gen yon koulè kwiv (copper color), ou te ka wè po zye goch li te anfle, ou te kapab wè pwodwi chimi yo ak solèy la te kòmanse ap fè yon gro travay avèk po kò li. Se pa sèl dam sa k’ap fè li, ou te mèt ale nan tout gro vil yo tankou Okap, Pòtoprens, Okay, Pòdepè, nan nenpòt ti bouk (town)etc…, menm Ozetazini medam yo se ap pase krèm pou yo kavin grimèl. Se pa sèl medam yo, gason yo ladan, te gen yon tan lè Dabenz te nan Zenglen, tout moun te ka wè li t’ap chanje koulè.

Yon jèn fi nan Gonaives

Daprè “Le Nouvelliste” yon jounal an Haiti, doktè Valérie Dougé Rober mesye dam yo pafwa pran plizyè diferan pwodwi pou blanchi po, yo melanje yo ansan m, ou byen yo pran pèmanant, avèk grenn tetrasiklin pou ke po kò orijinal yo an ka dekale pi rapid.

Pou moun sa yo k’ap fè sa toutan yo gen yon koulè ki pi klè nan zye pa yo, yo pi bèl oubyen pi bo. Bagay sa se yon epidemi, li la depi lontan. Jèn franm tankou jenn gason se te achte sa savon, TROPIKLè, JèMSIDA, savon karòt, etc… pou yo kapab lave figi yo. Sa ki fè mal pafwa gen moun ki vin gen 2 a 5 koulè diferan prèske nan menm kote. Yon ekzanp ou trouve pafwa zòrèy moun nan nwa, figi li klè, anba kou moun nan menm nwè tankou chabon dife.

San moun nan pa konnen oubyen se inyorans moun nan li riske tout sante li jis pou li ka vin pi klè pou yon ti moman, paske depi moun nan sispan itilize pwodwi l’ap itilize an, koulè orijinal li an ap tounen, oubyen l’ap vin pi mal ke jan li te ye an. Si pwodwi chimi sa te boule po kò moun nan lè li t’ap aplike li an, tach sa ap rete, e anmenmtan moun sa ka vin gen kansè nan po, nan fiti li.

Ka sa yo trè grav, gouvènman Haitien dwe di yon mo avèk sa, paske yo aksepte moun yo vann pwodwi pou moun ka blanchi po yo lib nan lari a, tankou, hydroquinone, cortizone etc… Li trè souvan pou trouve plizyè pasyan nan yon klinik avèk yon maleng ki leve nan figi yo, oubyen yon seri de gro kal nan vizaz kèk pasyan, apre yo itilize tròp pwodwi chimi nan figi yo pou yo te ka vin klè, yo detwi tout po figi yo.

ANMWE
Foto Source: Le Nouvelliste

40 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top