Featured

Manifestasyon anti Martelly Mopod avèk Fopark òganize (PHOTO)

PORT-AU-PRINCE, Haiti – Mardi 15 Avril 2014 Yon lòt fwa Moise Jean-Charles nan lari Pòtoprens avèk anpil moun nan yon manifestasyon k’ap fèt kont Martelly. Me sa yon seri de moun ap chante nan manifestasyon an ” non non nou pa Pwale nan eleksyon si pou’m ale nan eleksyon fok martelly al nan prizon”. Nan kèk zòn moun ap boule karotchou, e an menm tan polis, ap lanse gaz akimojèn pou ka fè foul la kouri.

Gen moun ki avèk pannkat k’ap mande pou libète de la près, y’ap mande pou eleksyon jeneral, gen sa ki di yo bouke ak gouvènman sa etc… Ayiti se yon tè glise. Pandan ke li nòmal pou gen Opozisyon nan yon peyi, sa ede pèp lan wè bagay ki pa trò dwat, Men eske pèp Ayisyen konnen li pa bon pou yon peyi ap chanje gouvènman nan mitan manda’l.

manifestan19

Li k’ap pran plis ke 10 ane avan ti pèp lan ka wè lavi’l vin miyò de sa yon gouvènman fè. Li enpòtan pou pèp Ayisyen pa kite politisyen itilize yo pou pwòp ajanda yo, chak fwa gen yon manifestasyon ki fèt nan peyi a, sa fè etranje ki vle vin envesti nan peyi an pè vin envesti, e sa koz peyi an rekile dèyè.

Ou mèt pou oubyen kont gouvènman ki la konnye a, men li lè li tan pou Haiti avanse. Men anpil chay pa lou. Haiti pa gen tan pou vye politik ap fèt, paske Ayiti se nan trou l’ap antre, an nou travay ansanm pou nou mete li deyò.

manifestan

manifestan2

manifestan3

manifestan4

manifestan5

manifestan6

manifestan7

manifestan8

manifestan9

manifestan10

manifestan11

manifestan12

manifestan13

manifestan14

manifestan15

manifestan16

manifestan17

manifestan18

manifestan34

manifestan33

manifestan20

manifestan21

manifestan22

manifestan23

manifestan24

manifestan25

manifestan26

manifestan27

manifestan28

manifestan29

manifestan30

manifestan31

manifestan32

29 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top