Konpa

Harmonik – Diferan (lyrics)

Harmonik Poster

Mwen diferan
Mwen konnen m’ pa bèl gason e yo di mwen sa souvan
O non
Mwen diferan
Mwen konnen mwen pa jènjan e nan jew m’ pa enportan.
O non

M’ konnen m’ pa yon selebrite
Lè m’ap mache fò yo kanpe pou fawouche’m ak sa’m sanble e jan’m mache
Pami tout nèg ki sou la tè mwen se dènye ou t’ap janm wè
Sa pa detounen kouraj mwen ak volonte mwen

Mwen diferan
M’gen dwa pa nan gou’w men mwen konnen mwen gen konpetans
O non
Mwen diferan
Tout gason ap fou pou ou e m’ sèten yo gen rezon
O non eee…

[su_button url=”http://mizik.anmwe.com/trending” target=”blank” style=”flat” background=”#ef2d2e” size=”6″ radius=”10″ icon=”icon: long-arrow-right”]Al tande mizik[/su_button]

Mwen paka fache ak bondye
Pou’l envante’m yon lòt fason
Pou li chanje yon vye krapo an prens chaman
Nan zye’w se pa yon zanj mwen ye
Men sa ki anndan’m se li k’ konte
Kite’m montre’w kouraj mwen ak volonte mwen.
Si’w te ka ban’m yon chans
Pou’w dekouvri anndan kè mwen…

Gade nan kè mwen baby
Pa gad sou aparans mwen
Gade nan kè mwen baby
Gade nan kè mwen baby

kwè’m kwè’m kwè’m mwen diferan
Cheri mwen diferan
Met men’w sou kè’m wa wè
Gade nan kè’m wa wè

kwè’m kwè’m kwè’m mwen diferan
Cheri mwen diferan
Met men’w sou kè’m wa wè
Gade nan kè’m wa wè

O Mwen pa flanè nim pa konn abiye
Menm gen rekonesans ak la rezon
M’ p’ap ka mennen’w voyaje tout kote
Men si ou vle ale sou do’m m’ap pote’w cheri’m diferan.

kwè’m kwè’m kwè’m mwen diferan
Cheri mwen diferan
Met men’w sou kè’m wa wè
Gade nan kè’m wa wè

kwè’m kwè’m kwè’m mwen diferan
Cheri mwen diferan
Met men’w sou kè’m wa wè
Gade nan kè’m wa wè

Let me show you
How I love you
Let me show you

O mwen pa flanè ni m’ pa konn abiye
Menm gen rekonesans ak la rezon
M’ p’ap ka mennen’w voyaje tout kote
Men si ou vle ale sou do’m m’ap pote’w cheri’m diferan.

kwè’m kwè’m kwè’m mwen diferan
Cheri mwen diferan
Met men’w sou kè’m wa wè
Gade nan kè’m wa wè

kwè’m kwè’m kwè’m mwen diferan
Cheri mwen diferan
Met men’w sou kè’m wa wè
Gade nan kè’m wa wè

[yop_poll id=”-3″]

To Top