Haiti

Haïti: Lapolis nan Latibonit arete 3 trafikan dwòg ki tap transpòte marijuana nan 23 gwo sak

Lapolis nan Latibonit arete nan Ti Bois-d’Homme, komin Gwomòn, 3 trafikan dwòg ki idantifye sou non Aldonère DESTINE, Emmanuel SUGGNY ak Vertilus CELICIA. Trafikan dwòg sa yo tap transpòte 503,75 lbs marijuana nan 23 gwo sak nan yon pikòp Toyota, wouj, imatrikile : TQ-15981, an direksyon Depatman Nòdwès, ki evalye a 22,668,759 milyon goud.

Nap raple Direktè Depatmantal latibonit la, Komisè Divizyonè Jean Bruce MYRTIL, kap egzekite nouvo plan sekirite Polis Nasyonal la mete sou pye, sou lidèchip Direktè Jeneral Polis la, Kòmandan Frantz ELBE, pou mete sekirite nan Latibonit.

Nan deklarasyon Nouvo Direktè Depatmantal lan te fè nan zòn “Savyen” 5èdtan avan operasyon kont trafikan sa yo, ke tout gang kap evolye nan Depatman Latibonit la, lapolis ap gen pou trake yo.

Anyen pap travèse Depatman Latibonit la, kit se dwòg, kit se zam, kit se bal. Li te ajoute :”tout moun ki rantre nan gang gen pou chwazi youn nan 3 M sa yo (Mawon – Mare – Mouri). Swa yo mawon, swa lapolis mare yo, swa yo mouri nan afwontman ak Lapolis).

Direksyon Depatmanal Latibonit pral remet dwòg ki sezi yo a BLTS ki se inite nan lapolis la ki gen ekspètiz nan domèn sa.

Sous/PNH
Foto/PNH
www.anmwe.com

To Top