Haiti

Haïti: Jovenel Moïse: « La ville de Jérémie a maintenant accès à l’électricité 24/24 »

JÉRÉMIE – C’est une foule en liesse, composée majoritairement de jeunes, venus d’horizons divers, qui m’a accueilli ce samedi 27 février à Jérémie. Actuellement, la centrale de Jérémie a une capacité de 6,7 MW. Promesse tenue : la ville de Jérémie a maintenant accès à l’électricité 24/24.

Aprè anviwon 3 mwa depi nou te limen Jeremi 18 èdtan/24, jodi a aprè 35 lane Jeremi retounen gen kouran 24 sou 24. Se Sam te pwomèt e se Sam fè. Nou kòmanse, nou pap kanpe. Avan 7 fevriye 2022, tout gran vil nan peyi a ap limen 24/24.

Mwen remèsye Direktè Jeneral EDH la ak tout teknisyen yo. Mwen vle remèsye tou Direktè Jeneral ANARSE a. Mwen konnen travay poun senkwonize tout motè yo ansanm ap vanse. Kenbe fèm palage pandan map swete nou tout bon travay. Moun Jeremi fyè de nou. 24h/24 la derape eli pap kanpe.

Santral solè ki pral marye ak santral tèmik Jeremi an ap pran fòm li. Nan mwa kap vini yo moun Jeremi pral gen santral solè pa yo ki makònen ak santral tèmik lan pou toujou kenbe vil la sou konpa kouran 24/24 la. Se sa nou te pwomèt e sa nap fè nan tout peyi a.

Source/La Présidence
Photo/ La Présidence
www.anmwe.com

To Top