Kanaval

Gabel fè yon kout zèpon dèyè Harmonik nan kanaval 2014 li an

Pwodwi chimik mwen nan cheve’m, pantalon’m byen sere sou mwen, bagay DIFERAN nèt. Gabel site non Album Harmonik lan ki se DIFERAN, e yo dekrive Mack D nan yon fraz nan Kanaval 2014 yo an ki gen pou tit Kòk. Si’w fanatik Harmonik ou konnen Mack D, toujou gen cheve’l swa, e li mete pantalon sere sou li. E si ou sonje Mack D nan premye postè Harmonik te mete deyò pou album Diferan, jan li te abiye, ebyen Gabel ap pale avèk li la. Nou pa konnen si mesye Gabel yo vle di yon lòt bagay de sa. Alò se sezon kanaval li ye, depi yonn atis pa byen chita, yon lòt ka drese’l. Ebyen sa se yon kout zèpon li ye, nou pa konnen si sa ap rive sou Mack D, pou fè Harmonik mete yon Kanaval pou yo bay Gabel repons pa yo. 2 Djaz sa yo ki lokalize nan lakou Miami, pa trò gen zanmitay lè yo pare pou yo jwe. A plizyè fwa konn gen ti pwen ki konn ap voye . Men sa pa vle di atis yo gen gro problem antre yo.

Avan Sanders te fòme Harmonik avèk Nickenson li te konn jwe nan Gabel, men li pa te manb djaz lan, malgre mesye Gabel yo te vle pou li te yon manb la dan’l. Pandan ke nou ap tann Repons Mack D avèk Harmonik, Kesyon k’ap poze eske Harmonik ka siye kajou sa. Premye kout zèpon an fèt alò Harmonik jwèt pou ou. #KANAVAL2014

[su_button url=”http://mizik.anmwe.com/song/127″ target=”blank” background=”#ef362d” size=”5″ radius=”5″ icon=”icon: play”]GO PLAY KANAVAL KòK LA[/su_button]

Gabel kanaval Kòk

Pwodwi chimik mwen nan cheve’m, pantalon’m byen sere sou mwen, bagay DIFERAN nèt. Eske ou wè Mack D, ti mesye Gabel yo ap pale avèk li la wi
Harmonik Diferan Poster

[yop_poll id=”5″]

To Top