Love & Sex

Dekouvri kouman pou'w konnen si mennaj ou ap banboche sou ou. ( Is your husband Cheating? )

LOVE & SEX – Pou anpil fi yo pa ka idantifye lè mennaj yo ap banboche sou yo. Nan pa pote atansyon jan nèg yo ap aji avèk yo, yo pa janm reyalize si y’ap pataje mari yo ak yon fi, oubyen plizyè lòt fi. E sepandan gason se koulèv yo ye, depi yo pase yon kote, yo kite tout tras la dèyè. Avèk teknololoji, k’ap avanse ebyen pou yon nèg fè yon ti pa chat li vin 4 fwa pi fasil. Ou menm ki gen yon moun ou renmen anpil dekouvri si l’ap banboche sou ou, ka trè difisil. Fò ou kap konprann riz li avan ou kenbe’l.

Nou ap kòmanse nan telefòn, lontan lè yon moun te gen yon telefòn se 2 bagay li te ka fè ak li, li te k’ap rele yon moun, ou byen voye yon mesaj. Men avèk evolisyon aplikasyon nan telefòn sa a, ebyen ni fi, ni gason konn jan pou yo kache mesaj ki vin nan telefòn yo si yo pa vle yon lòt moun wè’l. Si nou pran aplikasyon mesaj yo, e sa ki plis popilè yo tankou WHAT’S UP, BBM, VIBER, HANGOUT, FACEBOOK MESSENGER, etc… ebyen yon moun ka gen yon telephone li pa janm resevwa yon mesaj sou telefòn nan, e tandiske aplikasyon sa yo plen mesaj ladan. E anplis BBM, VIBER, FACEBOOK MESSENGER bay opsyon pou rele moun tou. Pou nou ale pi lwen nan yon sèl telefòn yon moun ka gen plis ke 3, 4 diferan nimero, li ka gen MAGIC JACK, GOOGLE VOICE, TEXT NOW, etc… san konte orijinal nimero telefòn nan. Pou nou ale pi lwen gen SKYPE, OOVOO, TANGO, etc… pou video chat, ak tout teknoloji sa yo, fò ni fi ni gason leve bonè pou k’ap kenbe mennaj yo k’ap banboche sou yo.

LI ATIK SA TOU: Yon fi pa janm dwe kite’l toutouni pou tro lontan devan mennaj li oubyen mari’l

manCheating-sign

Men tout teknoloji sa yo, pa kontrole jan moun nan ap aji avèk ou. Pa ekzanp ou avèk mennaj ou, mari’w pou anpil tan, se yon nèg ki pa konn nan kenn bagay sofistike nan fè lanmou, sa se jan ou konnen’l, men tou den kou li vle fè diferan eksperyans avèk ou, pran diferan pòz, l’ap di’w cheri an nou eseye sa a, li fè’w konprann ke ou parese lè ou ap fè sex, ou jis kouche la. Moun sa pa jis leve yon jou li vin konsa, anpil fwa li jwenn yon fi k’ap mete bon bagay sou li, e li menm li vle vin eseye yo sou ou tou. Ou byen li jis pa enterese nan fè lanmou avèk ou menm jan. Konnye a li antre lakay la, li pa ba ou menm atansyon ankò, l’ap di’w li fatige. Lè li antre lakay li jis al benyen, epi al dòmi.

Pafwa gen yon seri gason lè yo ap banboche, yo vin gen plis sajès, politès, afeksyon, a mennaj yo. Pou ou menm sa ka fè’w kontan anpil paske ou wè nèg ou vin pi sansib pou ou. Men fò ou pa kite tout bèl jès sa yo fè’w avèg. Gason sa ki vin chanje konsa pafwa se paske li gen yon remò k’ap bat li, oubyen se yon fason pou li sere sa li ap fè an. Paske nenpòt moun nan k’ap banboche a fi oubyen gason an, toujou ap chèche yon fason pou mennaj li pa sispèk li e ni kenbe’l.

Gade pou wè pafwa mari’w fache avèk pou san rezon epi li vle ba ou pote tò an. Ou ka wè lè li fin resevwa yon apèl oubyen yon mesaj, si li te trè byen avan apèl lan oubyen mesaj la ou wè li vin on jan fache, oubyen li te fache apre ou wè l’ap souri oubyen ou wè li vin pi rilaks, tout bagay sa yo ka se yon lòt fi ki koz li aji konsa. E si ou mande’l sa ki pase li jis di’w anyen.

LI ATIK SA TOU: Si’w pa gen mennaj yon moun sou FACEBOOK ap mande’w renmen eske’w dwe ba li bò?

Gade pou wè si li Chanje ak telefòn li. Pa ekzanp si li pate gen password nan telefòn nan konye a li mete password. Telefòn pa te konn yon pwoblèm pou li nan men’w, pou’l nan men ti moun yo, li te konn lage’l sou tab lan san pwoblèm, konnye a telefòn li toujou nan men’l, oubyen nan pòch li. Si ou wè li nan telefòn nan li fache, oubyen li kontan, oubyen l’ap fè anpil eskiz, ebyen gen anpil chans mennaj ou t’ap pale avèk yon lòt fi. Li kòmanse pa ka pran apèl devan’w, lontan sa pa te yon pwoblèm. Lè l’ap pale nan telefòn depi ou parèt konvèsasyon an koupe, li di l’ap rele moun nan back. Tout bagay sa yo se siyn yo ye men se ou menm ki dwe fè envestigasyon’w pou’w konnen sa k’ap pase avan ou aji.

Gade ki jan li aji lè’l sou òdinatè li. Li p’ap pral sou nèt lan si ou bò kote’l. Tout sa ki pa te enpòtan lontan vin yon pwoblèm konnye a, ebyen tout sa yo ka ap rive paske mennaj ou gen yon lòt fi.

Li te joujou konn ansanm avèk ou, al nan restoran, al nan sinema, ou byen nou te toujou lakay la ap pase tan nou ansanm. Konnye a ou prèske pa ka wè’l. Li toujou gen yon bagay li pral fè pou yon moun. Li ansanm avèk zanmi li. Li toujou gen yon eskiz pou li ba ou. Telefòn li konnye a ap fèmen pou yon pakèt tan, li fè’w konnen li pa te gen sinyal, batri telefòn nan te mouri. Eskiz apre eskiz la ou dwe leve kanpe pou ka wè sa k’ap pase.

Si’w wè li vin ap bay kò li anpil atansyon. Li vin ap retire plim so kò li, li al nan djim, li chanje jan li te konn abiye. Tout kote li ap prale konnye a fò li abiye e sa yo pa te konn fèt avan. Ebyen tout bagay sa yo ka chanje akoz de yon lòt fi.

LI ATIK SA TOU: Pa kite nèg ou jis paske li fè yon ti degaje (Cheat) sou ou

*Tout Ekzanp sa yo ka sèvi pou dekouvri si madanm ou ap banboche sou ou tou. Paske ni fi, ni gason ka aji konsa lè yo gen yon nouvo moun nan vi yo. Men li trè enpòtan pou nou pa kouri antre nan konklizyon. Toujou asire’w sa ou panse a, se sa li ye avan ou aji.

33 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top