Crime

Ansyen militè (Forces Armees D’Haiti) arete 3 bandi ki t’ap piye moun sou rout Limbe

LIMBE, Haiti – Sou rout nasyonal #1 an antre Limbé ak Camps-Coq plizyè ansyen militè te mete men ansanm pou yo te kenbe yon seri de bandi ki t’ap piye moun sou rout sa.

Ansyen militè (Force Armee D’Haiti) te mete lapat sou 3 bandi antre 3 mesye sa yo te gen yon papa ak yon pitit ladan, e lòt bandi a se yon bòkò nan zòn nan. 3 bandi sa yo te gen yon bwat nan men yo ki te gen zam, lajan epi plizyè telefòn pòtab.

Apre militè sa yo te fin arete bandi sa yo, ebyen yo te lage ka bay la polis nan zòn nan.

Credit a: Gérard Maxineau

limbe2

limbe1

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top