Featured

Zig Zag ki nan tèt Ronaldo a pa yon stil men yon omaj pou yon ti moun ki te fè operasyon nan tèt.

BREZIL 2014 – Stil Zig Zag Christiano Ronaldo fè nan tèt li an ka pa jis pou plezi. Anpil moun sou media Social yo t’ap pale de stil ki nan tèt li an se sikatris ki nan tèt yon ti moun apre li te fè operasyon nan tèt li pou pwoblem li te genyen nan sèvo li.

Christiano Ronaldo

LI ATIK SA TOU: Danje pou diaspora ki gen pou antre an Haiti

Ti pitit sa Erik Ortiz Cruz ki se yon Espanyòl, Ronaldo te peye £50,000 Euro, pou tout frè lopital li, pou li te ka fè operasyon sa nan tèt li pou yon pwoblem li te gen nan sèvo’l. Ronaldo poko konfime rimè an, men se kon sa tou li ka pa janm di li, paske li pa yon moun ki renmen pale de bagay li fè pou moun. Fanatik CR7 ap pale anpil sou Facebook avèk Twitter de aksyon jenerozite sa Star yo Christiano Ronaldo fè a yon ti moun, ke jès li an ka bay’l yon chans pou li viv.

ronaldo-zig-zag

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top