Crime

Yon ti pitit pèdi lavi’l anba men papa’l jis paske li se yon pitit deyò [ATT: IMAJ TWOUBLAN]

LEOGANE, Haiti – Yon mesye marye ki pa te vle madanm li konnen si li fè yon ti moun ak yon lòt fi ebyen misye efase ti pitit lan sou tè an. Nan Fen semèk ki sot pase la, papa pitit li lan t’al pran pitit lan nan men manman’l, lè pa li pa janm retounen ti pitit lan bay manman’l, ebyen manman pitit lan te oblije pote plen lapolis.

Ak presyon polis, misye te fè konnen ke li tiye pitit paske li pa te vle madanm li konnen ke li gen yon ti moun ak yon lòt fi. Polis te fè misye mennen yo kote li antere ti pitit. Li mennen nan yon jaden kann, kote li te jis grate tè an epi antere li. Ou k’ap ti pitit lan ak tout ti soulye’l nan pye’l. Ak yon pèl la polis te misye de antere ti pitit lan.

Plizyè estasyon radio nan kapital lan ap pale de gro krim sa ki fè sou yon ti inosan. Nou ANMWE ap chèche plis enfòmsyon sou dosye sa pou nou ka pote pou ou.

krim-sou-bebe06

Kriminèl lan, papa ti pitit lan

Kriminèl lan, papa ti pitit lan

Fòs (grave) li antere ti pitit lan

Fòs (grave) li antere ti pitit lan

Ti pitit lan ki nan fòs lan

Ti pitit lan ki nan fòs lan

Ti pitit lan ki kouche atè an, apre yo te fin fè misye de antere li

Ti pitit lan ki kouche atè an, apre yo te fin fè misye de antere li

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top