Crime

Yon polisye djake yon zam bò kòt yon jèn gason e yo menm akize’l li patisipe nan lanmò yon lòt jèn.

LIMBE, NORD, Haiti – Moun nan Lenbe te pran lari paske polisye Jocelin Pierre te djake yon zam bò kòt yon jèn gason ki gen ape prè 20 tan pou anyen daprè sa jèn gason an di. Anpil moun nan zòn akize polisye a, yo fè konprann se pa premye fwa li fè sa. Yo fè konprann anpil fwa lè li aji konsa se lè li fin bwè kleren, oubyen lè’l fin pran lòt bagay. Gen yonn nan mesye yo ki te la ki fè konnen ke li te pran sant kleren nan bouch polisye an

Jèn gason polisye an te djake zam nan bò kòt li an

Jèn gason polisye an te djake zam nan bò kòt li an

VIDEO jèn yo ki pran lari pou mande jistis.
[su_youtube url=”http://youtu.be/NQUzlyutyzA” width=”720″ height=”520″]

Ebyen sa te rive pandan 2 jèn mesye yo te chita ap bay blag, ap pale sou foutbòl. Polisye a te an sivil li pa te gen rad polis sou li e jèn gason an pa moun nan zòn nan, li pa te konnen si se yon polis li te ye. Sou peron kay kote mesye yo te chita se la polisye an rete, men kay la gen 2 mèt paske galeri koupe an 2. Jèn nan ki viktim nan te di sa polisye an fè a, misye te parèt li antre nan lòt bò kay kote ti mesye yo pa te chite epi li retounen li di yo fout demaske yo la. Nan yo kadè se yon zam ki te brake bò kòt yon nan mesye yo. Polisye a te sitèlman frape jèn nan di ak zam nan, chak fwa li te respire, li te santi yon bagay kenbe li bò kòt li. Misye te fè mesye yo konnen a pati de jodi a, li pa vle yo kanpe devan kay la ankò. Lòt jèn ki te la avèk viktim nan ap mande jistis de sa Polisye Jocelin te fè a.

Te gen yon lòt jèn ki te la, ki fè konprann ke polisye Jocelin Pierre te tiye yon jèn nan Limbe deja ki te rele Ti Michou. Jèn nan te fè konnen se pa premye fwa misye fè sa, depi li fin bwè kleren li sou, li pa bezwen konn moun, li tounen chat maron pou li tiye moun. Li fè konnen ke Polisye Jocelin avèk yon lòt polisye te patisipe nan lanmò Ti Michou, yo te revoke lòt polisye a, men Jocelin an toujou la ap boulvèse moun nan Limbe. Y’ap mande pou prezidan Martelly di yon mo avèk polisye sa a.

Mak zam nan bò kòt jèn gason an nan Limbe

Mak zam nan bò kòt jèn gason an nan Limbe

Yon lòt jèn nan Limbe te fè konnen ke li te nan estasyon gaz Texaco a, li t’ap leve kèk kès brevaj, li te wè yon jèn ki rele Newton ki t’ap kouri, yon bis te manke frape’l, li te tonbe, l’al leve’l e li te mande’l sa li genyen, avan misye te gen tan reponn, polisye Jocelin te parèt an sivil. Misye te remande’l sa li genyen, se lè sa li fè konprann se kanpe li kanpe nan katye a polisye a te kòmanse vide kou sou li. Lòt jèn nan ki te vin pote se kou bay zanmi li a, te di polisye a “Kòmandan si li kanpe nan katye fò’l bay yon problèm…” Misye pa te menm fin pale menm se 2 pousad li te pran nan letomak li.

Jèn yo jis vle reparasyon avèk jistis.

Lòt jèn gason viktim nan t'ap blag avèk li an

Lòt jèn gason viktim nan t’ap blag avèk li an

VIDEO SOURCE: Radio Kiskeya

3 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top