Crime

Yon nèg touye mennaj li paske mennaj la di l'ap kite'l

GUADELOUPE – Yon Gwadloupeyen pran lavi yon bèl fanm Ayisyèn.
Fanmi misye te mete’l deyò li di nou se paske manman’l pa dakò li frekante ayisyen
Manman’m akeyi’l anndan kay li
Sè Mwen te gen yon pitit fi deja, li vinn fè yon ti gason pou misye
Au début tout bagay te ok
Misye nan kay la li pap depanse yon goud
Li te gen yon machine yo sézi’l koz li pat ka finn pêyé’l
Sè’m édé l péyé dèt li
Mais mon cher misye jalou anpil
Pinga sè m gen zanmi, li fouye téléphone manzè
Kont FB li.
Depi yon moun vinn wè sè’m menm nou ki fanmiy li swa li disparèt swa la’l chita nan yon kwen
Pou kont Li
Mais zanmi bagay yo vinn komanse gate lè sè Mwen vinn ouvri je’l
li wè tout sa tout moun ap di’l se vre misye se yon fenyan l’ap pwofite de li
Donc sè mwen repran vi’l an main
Li kòmanse ap fè fòmasyon,
Hmmm bagay la gate net, misye te nan yon ti travay li kite’l
L’ap siveye sèm nan kay la
Moncher se de viv vwa m’ ka eksplike’w sa pi byen
Li toujou sispek sè’m nan gen yon lòt moun e poutan manzè pa moun konsa
Yon jou sè mwen vinn lakay mwen li dim li p’ap rete avec misye
Paske li konstate lajan misye se achte sigarèt bwè ak zanmi’l menm pou pitit li li p’ap depanse
Mwen di’l selman fè atansyon, misye p’ap pran’l konsa ke ou kite’l
Men nan tèt manzè li panse li te ka jere yon bagay konsa pou kont li
E poutan mwen te gentan wè danje
Mwen di manmanm veye manzè nan kay la
Mais Tijo tèt di li tann pandan manmanm vinn fè 2 jou lakay Mwen
Li met bagay misye deyò
Nèg la retounen nan kay la
Bagay konsa ou paka jere’l pou kont ou ou gen fanmi’w Aaaaa
Manze vinn chanje net ak misye
Li mete password nan tout téléphone li
Il y a 2 semaines
Manzè rele’m
Li dim chache yon kay pou li kotem rete a Pointe-à-Pitre
Mwen dil ok
Li di’m c pou juillet
Mwen telman kontan
Li di’m lap repran étude li
Li pral chanje vi
La veille assassinat sa li di’m al pran dosye inscription an pou li
Paske tout papye’l gentan pare
Mwen di’l ok sista mardi map pran sa pou ou
Ebyen vendredi matin
Manmanm rélém.a 5h du matin
Li dim li jwenn Tijo mouri ak yon gro kouto plante nan lestomak li
C pitit fi Tijo ki gen 6 ans
Kap rele mamie mamie
Manman est morte
Manman’m di’l ki radot sa lap rakonte la
Ouvri pot chanm nan yo pou li
Li jwenn kò a tè epi ti pitit 2 ans kite kouche sou kabann nan ak manman’l benyen ak san nan tout tèt li
Tout rad li se san
Se nan dòmi li pran sè Mwen
Paske sè’m nan konn defann tèt li
Li pran pa supriz

Se Sè li ki t’ap esplike ANMWE sa ki te pase an.

asasinat

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top