Featured

Yon mizisyen Djakout #1 di li gen album pou mete dlo nan diven Klass

HMI – Jodia se 18 Avril, sa fè ekzakteman 1 ane, depi KLASS te mete album “Fè’l Vini Avan” de yo. Malgre gen anpil djaz tankou DISIP, T-ViCE, CARIMI, NU LOOK, HARMONIK ki te mete album yo deyò apre KLASS, pa gen yonn ki arive desann chalè album “Fè’l Vini Avan” KLASS lan. Malgre Zenglen gen yonn nan pi bèl album ki te soti pou ane 2013, malerezman li te soti avan “Fè’l Vini Avan”, depi lè klass pran lari a bwi djaz lan kouvri Zenglen.

Djakout #1 ki gen plis ke yon ane an absans sou teren an, kote anpil moun t’ap mande sa ki pase djaz la. Mesye yo te arive mete tèt yo deyò pou kanaval nasyonal la nan Gonayiv, kote mesye yo te fè anpil bwi avèk mereng yo a “Avili li yo”, kote mesye yo te mete tout koze pèsonèl Roberto nan lari. Album Djakout #1 nan gen pou soti nan mwa ME a la. Daprè sa sous nou fè noun konprann ke SHABBA fè konprann ke, yo gen album pou KLASS. Men kesyon k’ap poze eske Djakout vrèman ka desann dife KLASS lan.

Malgre nou po ko jwenn chans pou nou menm pran yon ti son de nouvo album Djakout lan ki gen pou soti nan mwa ME an, men kesyon k’ap poze. Eske Djakout ap gen yon mizik k’ap ka konekte avèk pèp Haitien tan kou ” Mizik sa, Pi tit deyò, You don’t want me etc…” Mizik sa yo vrèman jwenn pwen sansib pèp Haitien. Depi se Haitien ou ye, menm si ou pa viv sa yo di nan mizik lan, men w’ap gen yon zanmi, yon fanmiy, yon kamarad klas ou, yon vwazinaj etc… ki sibi de sa ke yo di nan mizik lan.

djakout #1

Pa gen anyen ki di, Djakout #1 pap gen yon bèl album, men eske vrèman y’ap ka sipase album Klass lan. Eske menm sa ki rive ” DISIP, T-ViCE, CARIMI, HARMONIK lan ” se pa menm sa k’ap rive yo tou. Lè album nan soti l’ap fè gro bri sou media social yo, akoz de kiryozite fanatik yo, e apre 1, 2 semèn pase tout bagay retounen nòmal.

Men gen bagay pou nou pa inyore gen yon seri de djaz se pa album ki fè yo, se yo ki fè album, sa vle di menm si yo lage nenpòt album akoz de non djaz li, fanatik djaz la, album nan mache, sèl sa yo bezwen se mete yon bagay nèf deyò. Alò an nou rete tann pou nou wè sa Djakout #1 ap lage deyò a, nan mwa ME an.

KESYON POU NOU, ESKE NOU PANSE DJAKOUT #1 AP GEN ALBUM KI POU ANTRE KLASS? fè yon kòmantè pou di nou sa ou panse.

68 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top