Crime

Yon malfektè resisite yon moun li te bay yon kout poud gran jounen apre lapolis te arete li. (VIDEO)

OUANAMINTHE, NORD’EST, Haiti – Yè lundi ki te 29 Septanm 2014 lan yon malveyan ki gen pou non Sedernier François, te bay yon lòt kamarad li ki gen ape prè 30 tan e ki gen pou non Bòdjò, yon kout poud gran jounen.

Kèk segond apre Bòdjò te pran kout poud lan, li te gentan pèdi konesans. Gen anpil moun ki te la, fè konnen misyen te gentan mouri. Sedernier François ak Bòdjò, se 2 nèg k’ap pouse bourèt pou chèche lavi. Pandan ke Bòdjò t’ap pote yon machanndiz pou yon kliyan’l, se lè sa Sedernier te flank li kout poud la pandan yon pakèt moun te la. Te gen 2 lòt moun ki te arive fè kontak ak poud sa, ebyen 2 moun sa yo te byen mal.

AL GADE VIDEO OPERARASYON MALFEKTE AN, ANBA ATIK LAN

AL LI ATIK SA AN FRANSè PITO

Crédit photo Jéthro-Claudel Pierre Jeanty 1

Gras a moun ki te la ki te wè sa Sedernier te fè a, yo te rele polis ki estasyone sou fontyè Haiti ak Rep. Dominicaine nan, pou yo te kapab arete li. Polisye yo te akonpanye ak Jij de pè Ouanaminthe, Me Jean Eugène, yo te mennen 2 mesye yo ke poud sa te arive enfekte nan yon sant sante, epi yo te minote malfektè an, e yo te pran viktim nan ki te pi pre pou li te mouri ke viv.

Sedernier t’ap plede di misye pa mouri, pote sitron ba li, l’ap geri misye. Pandan se tan, moun nan zòn nan ki te vle wè e konnen sa k’ap pase te anvayi la kou Centre Médico-Social de Ouanaminthe lan. Malfektè an te gen dlo ak sitron kòm remèd, epi li te kòmanse fè sa li te gen pou li fè. Apre Sedernier te kòmanse pase dlo ak sitron sou viktim kèk segond apre, viktim nan te kòmanse ka souke tèt li, pye li. Li te fè li bwè yon ti ji sitron epi li te ba li bwè lèt. Are yon bon 15 minit Bòdjò te arive kanpe ak fòs li.

pwoblem

Men Bòdjò t’ap konplenn de yon gratèl nan kò li, ke li santi li pa te kapab sipòte, vant fè mal, gòj grate, epi li te santi li te vle vomi tou. Misye te dezoryante, li pa te konnen konte li te ye. Kòm sitron an sanble se yon gro remèd kont kout poud. Polisye yo ki te antre an kontak ak moun ki tre pran kout poud yo, te tou pran okazyon sa a, pou yo te pran dòz sitron.

Pou anpil moun remèd malfektè an fè pou Bòdjò an, pa si senp ke sa yo wè an, sitron, lèt ak diven, men pito li gen mistik ladan.

Sedernier te fè yon polis konnen li k’ap bwè nan poud lan, anyen p’ap rive li. Li fè konnen ke li gen yon bagay sou li. Avan malfektè an te kite Centre Médico-Social la, li te menase tout moun, li te fè konnen nenpòt moun ki ba li kou, ki pa yon polisye, sa p’ap rete kon sa. Polis yo te pran bokal ki te gen rès poud lan.

[su_youtube url=”https://www.youtube.com/watch?v=JSM-jpuxp10″ width=”720″ height=”520″]

CREDIT: Nord-Est Info

SOURCE: http://nordestinfo.blogspot.com/2014/09/video-un-malfaiteur-ressuscite-sa.html

CREDIT: Jéthro-Claudel Pierre Jeanty

4 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top