Crime

Yon jèn fi mouri anba bal apre yon madanm marye te fè’l pwomès pou li kite mari’l an repo

PORT-AU-PRINCE, Haiti – Carline Desira ki se non jèn fi sa ki pèdi lavi’l anba men asasen pandan li te nan machin li . Li pran yon bal, e li mouri la menm. Krim sa fèt Mardi ki te 12 Mai an, anviron 5:00 nan aprè midi, nan kafou Rue Capois avèk rue Marcelin. Men lanmò Carline pa te vini san avètisman. Daprè yon not yo te trouve bò kadav lan, lanmò li gen pou wè ak yon madanm marye ki pa te twò kontan ak demwazèl lan paske li te gen yon afè romantik avèk mari’l.

Nan not sa non plizyè moun nonmen. Non mari madanm marye te nome ki se Jacques Hans Vilfort ki travay nan radio Caraibe FM, li gen kòm non gate Jaco. Non mari viktim nan Gladimir Pierre e anplis non pitit viktim nan Marcus.

ME NOT KE YO TE JWENN Bò Kò CARLINE DESIRA APRE LI TE FIN MOURI
carlinedesiranote

Yon video Carline Desira t’ap bay RTG yon entèvyou sou afè ALL FITNESS lan. Ke nanm li repoze an pè

Carline Desira ki t'ap bay RTG yon entèvyou. Ke nanm li repoze an pè

Posted by Anmwe Mizik on Wednesday, May 13, 2015

carlinedesira4

2 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top