Accident

Yon fi ki te nan koma akouche apre li te soti ladan

TAMPA, Fl, USA – Yon fi ki te nan koma pou plizyè semèn, ke yon kamyon te frape nan St. Petersburg, akouche, li fè yon ti pitit fi ki nan bòn sante.

Daprè sa Tampa Tribune fè konnen, Jenny Quiles ki gen 36 zan ki pa tro lontan soti nan koma arive akouche pa sezaryèn, li fè yon ti pitit fi ki peze 6 liv, men li toujou nan swen entansif.

jenny quiles

Polis fè konnen ke ke Jenny Quiles te frape pa yon chofè kamyon k’ap leve pàn sou rout (Tow Truck) pandan li t’ap travèse yon lari 15 Oktòb ki sot pase la, li te gen 7 mwa edmi ansent. Li te nan rout pou li t’al wè doktè li.

Mari’l Angel Quiles te kreye yon fason pou moun ki vle kotize pou kap ede’l jwenn lajan pou peye bil medikal Jenny Quiles, yo deja ranmase $18,000 deja si ou vle kotize ale sou GO FUND ME pote èd ou bay fanmiy sa.

SOURCE: nbcnewyork.com/, St. Petersburg Tribune

1 Comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top