Crime

Yo asasinen papa aktè Jimmy Jean Louis ki jwe nan film Toussaint Louverture an

PORT-AU-PRINCE, Haiti – Dimanch pase, yo te tire papa aktè Jimmy Jean Louis, e yè Jeudi ki te 10 Avril 2014 lan li mouri nan yon lopital nan kapital la.

Jimmy Jean Louis

Daprè enfòmasyon, yo te tire papa Jimmy ki gen pou non Louis L’Ephène Jean Louis pa tro lwen de lakay li e se te yon seri bandi ki te sou moto ki te tire li. Fanmiy li te kouri pran li mennen li lopital. Malgre tout sa yo fè pou sove lavi li, malerezman li mouri de blèse li te resevwa anba men asasen sa yo yè maten ki te 10 Avril a laj de 78 ane.

Jimmy te an Haiti Weekend sa ki sot pase la, men li pa te janm vle aksepte ke se dènye fwa li t’ap wè papa li vivan.

Tout ekip anmwe.com prezante sensè kondoleyans a Jimmy Jean Louis e tout fanmiy li yo

Photo/Archives/Telefilm Toussaint Louverture

28 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top