Featured

Ti Ansyto retounen nan djaz li Kreyòl La.

PORT-AU-PRINCE, Haiti – Daprè sous nou Ti Ansyto retounen nan djaz li. Yè swa li te patisipe nan repetisyon Kreyòl La. Yo poko fè konnen si li sèlman la pou jwe bal yo ki gen pou jwe trè byento a, tankou bal Paris, France lan, Bal New York, oubyen li retounen nan djaz li nèt.

2 Avril Ti Ansyto te poste sou paj Facebook li ke li te bay vag. Poko gen plis enfòmasyon eske se Ti Ansyto ki mande tounen, oubyen se Kreyol La ki al mande li pou li tounen, oubyen kenbe la jis kaske yo jwenn yon moun ki pou ranplase li.

Ti ansyto

Gen plizyè rezon ki ka fè Kreyòl La mande li pou li retounen. Djaz la gen anpil bal pou li al jwe o deyò Haiti. Ranplase yon Atis nan yon djaz pa si tèlman fasil konsa, e Kreyòl La vle kontinye san kanpe. Premye problèm sa ap poze sè ke, nouvo atis lan poko konn mizik yo, e sa ap koz djaz la mal jwe, dezyèm bagay sè ke gen yon pwoblèm viza. Si atis lan k’ap vin nan Kreyòl La, pa konn vwayaje deja ebyen sa ka pran anpil mwa avan yo jwenn viza pou li. E djaz la gen pou li al jwe an France, Ozetazini trè byento.

Alò de tout fason tou 2 kan yo genyen, djaz la pap kanpe, e an menm tan Ti Ansyto ap fè lajan.

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top