HMI

T-Vice – Skandal :::: Kanaval 2014 postè :: se yon afè de sida ak masisi kap pale

T-Vice – Skandal, Kanaval 2014. Apre Djakout #1, mete tout koze pèsonèl Roberto deyò, T-Vice jwenn zen pa li tou, daprè #sonLari k’ap sikile de kanaval la, mesye T-Vice yo fè konnen Ti Regie gen sida, Pouchon nan masisi.

T-Vice Skandal Kanaval postè

T-Vice Skandal Kanaval postè

Ou menm ki pa konnen jan Djakout #1 te AVILI YO ebyen menni. Daprè Djakout gen yon lòt nèg ki t’ap jwe dezyèm gita Roberto kite lakay li, lè li vwayaje al jwe. Gita ki kouche sou kabann nan se madan Roberto mesye yo mete nan pozisyon sa yon pakèt men ap manyen, men fi tankou gason. Lè Roberto santi gen yon moun k’ap jwe nan jwèt li, li te pran envetigatè prive, mete kamera nan tout kay la pou li te kapab kenbe manmzèl an aksyon.

Gita sa ki kouche sou Kabann nan se Madan Roberto

Gita sa ki kouche sou Kabann nan se Madan Roberto

Lè Roberto wè video yo, sa li te wè li pa te ka pale. Misye te boulvèse li rele kèk zanmi, li esplike yo sa ki rive’l. Ebyen Koze a vin tonbe nan bouch mesye Djakout #1 yo, e yo avili misye, malgre Roberto te rele Shabba pou yo pa te pale de sa nan kanaval la. Ebyen se yon kou remèt, paske lè Ti Regie te gen pwoblèm ak madanm pa li tou, yo t’ap pral divòse T-Vice te mete li nan kanaval pa yo tou, mesye T-Vice yo te fè konprann se paske Ti Regie te gen Ti gigit li pa te ka bay rannman ki fè madanm li t’ap kite avè’l.

Daprè son lari, T-Vice pral lage yon gro skandal la, yo vle fè konnen Ti Regie gen Sida, e Pouchon menm nan masisi, etc… Men sa p’ap kanpe la, se yonn nan rezon ki fè Djakout #1 te lage byen bònè, se pou ka lage yon dezyèm kanaval pou yo ka plis avili Roberto.

Ebyen rete branche, pou plis enfòmasyon.

#sonLari

[yop_poll id=”6″]

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top