Beauty

Se pouki sa anpil gason Haitien renmen fi ki gen anpil plim sou kò yo?

Pami tout bagay “anpil plim sou kò”, ta dwe dènye bagay ou panse gason ta jwenn atiran sou yon fi. Anpil Gason Haitien di yon fi ki pa gen plim sou li espesyalman sou vajen li fè li pèdi nan sansasyon li te ka jwenn nan fè lanmou ak li.

black-woman-body-hair

Gen yon jèn gason, ki nan karantèn li, lè misye ap pale de plim sou yon fi, li si tèlman mete presizyon, anbeli cheve ki sou vajen fi, li fè’m kalkile eske misye ap pale de menm cheve sou vajen ke mwen konnen. Ebyen sa pouse’m pou mwen mande plis gason Haitien se ki sa yo panse de plim sou kò fi. Sa mwen tande fè mwen pa ka pale, e sa pouse’m pataje sa yo di an ak nou.

Chak gason gen yon bagay yo renmen nan fi. Kòmanse sou cheve, zye, bouch, tete, bèl janm, bèl po, zansiv vyolèt, bèl danti, etc… Men plim sou kò pa yon bagay ou si tèlman tande. Si ou w’ap viv nan Etazini, plim sou kò yon fi se denyè bagay ou vle wè. Afè pou yon fi gen me longè pli nan janm li, sou bra li, nou p’ap pale de anba bra paske sa se yon lòt kategori li ye, eksèp si fi an aje, ou ka ba li yon ti lèse pase. Men ou pa ka jèn fanm pou gen plim ki plandye anba zesèl ou, m’a tounen sou dosye sa a.

Kesyon mwen te pose mesye yo, se ki sa ki enterese yo de plim sou kò yon fi, se ki sa ki atire yo e pou ki rezon?
Yo pa te nan kache, mesye yo devwale’m. Yo fè mwen konnen ke yo menm plim sou kò yon fi se yon bèlte, se menm ak lò ki plandye sou yon po kò yon fi. Lè fi an pwale ou pase men’w sou li, li ba ou anvi, li eksite’w. Gen yonn nan mesye yo ki menm fè mwen konnen li renmen lè fi gen plim sou lestomak li. Mwen sezi, mwen di lestomak?, li di wi, li renmen sa anpil, mwen jis plenn, paske plis ki sou lestomak tro anraje pou mwen. Bon chak pen gen fromaj li. Yo fè konnen lè fi an gen plim sou vant li se sa nèt. Mesye yo fè konnen lè genn plim sa yo long lonje sou vant fi an, sa ba ou anvi. yo renmen jwe ak yo, rale yo tou dousman lè y’ap fè lanmou.

Mesye sa yo pa negosye yon vajen ki pagen plim sou do’l, e toutan li gen plis cheve, se plis yo renmen li, e se plis sansasyon sa ba yo. Yo renmen pou lè yo pral penetre mennaj yo, pou y’ap chèche vajen an. Pou y’ap fann cheve yo 2 bò. Mwen mande alò eske li pa t’ap mye pou yo, si fi an te koupe plim yo. Mesye yo di non, non, non, mwen jis pa konprann ki sansasyon ki nan sa a. Cheve ya bay yo plis anvi, si tou lè y’ap frote kont penis yo. Gen yonn nan mesye yo ki di, vajen an pa yon bèl bagay, si tou gen klitoris (lang vajen an) ki konn tro long, gen klitoris ki plandye, lè w’ap fè sex avèk yon fi ki raze tout plim sou vajen li, li konn fè’l pa gen tròp santiman pou li, paske gen yon seri de vajen ki fè ou pedi tout sansasyon ou te gen

Gen de gason ki di yo pa renmen lè yon gen tròp cheve devan yo. Yo renmen lè medam yo desann nan plim yo gen sou vajen yo trè ba. Gen lòt gason ki di yo renmen lè medam yo fè ti desen ak cheve sou do vajen an. Pa ekzanp yon ti liyn, yon ti kare, yon ti triyang, etc… jis pa raze li nèt. Yo jis pa vle wè yon do vajen ki kale menm jan ak yon do kiyè fè. E se kon sa tou ou jwenn yon seri de gason ki di’w bagay ak cheve a, yo pa vle wè li menm, se grate’l.

Mesye ki renmen anpil plim yo fè konnen, pandan ke yo renmen cheve sou vajen fi an, men fò yon nèg trè pridan ak cheve sa yo. Paske yo konn tounnen nich gèp pou yo devore penis yon gason. Pafwa gason an, konn fin fè sex, lè li fini se pansman l’ap chèche si tèlman cheve yo fann tèt penis yo. E lè sa rive yo, lè yo gen pou y’al pipi se anmwe y’ap rele, gro soupi y’ap pran, se kouri al foure penis anba dlo, si tèlman pipi sa ap brile yo.

Men mwen remake yon bagay, Gason Haitien ki renmen plim ak sa ki pa renmen plim yo gen pou wè ak ki kote yo leve, ki kote yo plis viv jeografikman. Gason Haitien ki plis renmen plim yo, se sa yo ki viv plis tan an Haiti oubyen nan zantiy, sa yo ki kite Haiti nan laj adolesan pa fanatik cheve sou vajen an menm. Yo plis renmen yon vajen ki pa gen cheve sou li, si li gen cheve li pa ka tròp, fò li raze ba. Mwen te trouve kèk Jamayiken ki nan laj aje, yo te gen menm konsepsyon sou afè fi ki gen plim sou vajen yo, e daprè sa yo te fè konnen yo prefere vajen ki gen plim sou yo a ke sa medam yo raze nèt lan.

Alò tout bagay sa yo gen pou wè ak preferans. Ou menm ki fi li bon pou ou mande mennaj ou , mari ou, se ki jan yo renmen’w ye nan sans sa. Si gason an renme cheve sou vajen, kite cheve yo grandi, men si li pa renmen cheve sou li, raze li. Kominikasyon se kle nan yon relasyon. chita pale ansanm, di sa ou renmen, e li menm tou la di’w sa li renmen, epi sa ou tande a w’ap gen yon relasyon ki plis pafè

Atik sa ekri pa ANMWE SEKOU

3 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top