FIFA World Cup

Ronaldinho prèske nan rout pou li siyen avèk yon ekip an Eròp (Europe)

Yonn nan pi gro jwè Brezil te genyen nan list li, e ansyen vedèt (Super Star) Barcelona Ronaldinho siyen avèk BESIKTAS yon ekip nan Turquie nan yon transfè gratis.

Ronaldinho

[yop_poll id=”5″]

Ronaldinho ki konnya gen 33 zan siyen yon kontra pou 2 zan edmi pou a pe prè €10, – 15 M €. Sa konfime jodi a pa yon jounal Olandè “De Telegraaf”. Avèk Coupe Du Monde 2014 lan ki prèske rive la, desizyon sa li pran pou li ale jwe an Turquie, sanble avèk yon strateji pou li ka jwenn yon plas nan Ekip federasyon Brezil la, k’ap gen kòm antrenè Luiz Felipe Scolari.

An Amerik di Sid, Ronaldinho te nome kòm meyè jwè pou ane 2013 lan, pa yon jounal Irigweyen “EL PAIS”. Ansyen 2 fwa mèyè jwè mondyal de l’annee a, te fè 17 gòl li te asiste nan 11, nan 36 match li te jwe ladan ane dènye. Si li kontinye ap byen fè li konsa, sa ka byen ba li yon chans pou li al Brezil nan gran vakans ete an, pou li al reprezante peyi’l.

Alò kesyon pou ou, ESKE OU PANSE RONALDINHO AP PATISIPE NAN COUPE DU MONDE 2014 LAN K’AP FET BREZIL LA? fè yon kòmantè.

Source: independent.co.uk
Image source: fansshare.com

To Top