Featured

Rezon pou al pran yon SIM NatCom si ou pa te deja gen yonn

PORT-AU-PRINCE, Haiti – Ou gen dwa ou, ekzèse dwa ou. Haiti pa yon peyi kominis, yon konpayi pa gen dwa di’w ki jan pou itilize yon sèvis ou achte, ni bloke privilèj ou. Si ou ap vann entènèt ou pa gen dwa bloke ankenn kliyan pou’l pa itilize yon seri de sèvis ki vini avèk aksès entènèt. Digicel ale trò lwen. Pandan y’ap pran avantaj pèp Ayisyen an, y’ap vann menm sèvis lan nan Jamaique , yo pa al bloke ankenn aplikasyon sou yo.

natcom

Digicel mete gouvèman devan se pou yo ka proteje tèt yo. Si se gouvènman ki te aplike sa a, PDG Digicel Maarten Boute, pa t’ap mande pou Natcom avèk lòt konpayi k’ap vann menm sèvis lan pou swiv Digicel nan menm inisyativ sa “En outre, nous espérons que les autres opérateurs en Haïti suivront notre exemple afin que, ensemble, nous puissions forger un mouvement positif “.

Maarten Boute, ki se PDG DIGICEL di li trè klè, si nou pa vle konprann sa se nou menm. Me sa li di: Li lè li tan pou nou proteje biznis nou, kliyan nou, avèk entegrite sèvis nou, e asire ke gouvènman Ayisyen an resevwa lajan ke yo dwe resevwa. Aksyon operatè VOIP sa yo ki san pèmi sa a, pa kontribye anyen pou sèvis sa y’ap bay la, sa vle di kliyan nou yo p’ap pran avantaj de gro envèsman yo nou fè yo, komitman nou ak fokis nou. N’ap remèsye kliyan nou yo pou konpreyansyon yo, pasyans yo, e swete ke nou jwenn yon rezilta pozitiv pou nou ka kominike nan tan k’ap vini yo. E an Haiti n’ap swete ke lòt konpayi telefòn pòtab yo fè menm jan ak nou pou ke nou ka jwenn yon chimen pozitiv pou nou ka avanse.

Li fè konnen gen 2 bagay ki pi enpòtan pou li, Kliyan avèk sèvis li ba yo. Sa fè mal ke li oblije pran etap sa e nou fè eskiz pou sa. Men se yon fason pou ka fè operatè VOIP yo peye nou, yon pri rezonab, pou yon sèvis y’ap pran nan men nou gratis. Se menm jan yon kliyan pa espere pou li ale nan yon makèt al pran bagay sou etajye yo pou gran mesi. Ebyen operatè VOIP sa yo dwe oblije peye.

Operatè voip yo p’ap pran anyen gratis sou Digicel paske si kliyan yo pa gen entènèt yo pa ka itilize aplikasyon sa yo. Yo jis gen pwoblèm paske yo wè nou pa voye SMS menm jan, nou pa itilize minit nou menm jan. E sèl fason pou yo refè nou nou itilize SMS oubyen rele moun pou itilize lajan nou gen sou kont nou se bloke aplikasyon sa yo.

LI ATIK SA TOU: Digicel bloke VIBER avèk TANGO pou ede gouvènman Haitien ranmase lajan sou apèl entènasyonal

Tout Ayisyen ki konn itilize aplikasyon sa yo, se pou nou leve kanpe pran inisyativ kite Digicel al achte yon SIM NatCom. Nou menm pèp Ayisyen nou pran tròp y’ap pran pòz yo la pou nou, men an menm tan y’ap chèche tout fason pou yo piye nou. Depi yo santi nou jwenn yon tou pou nou respire, yo gentan ap chèche yon fason pou yo bouche tou an. Se menm jan VOILA, HAITEL, te konn fè, ebyen jounen jodi, Digicel pran menm chimen an tou. Te gen yon lè Digicel te konn vle ede men konnye a la, avèk dènye desizyon sa yo pran sa prouve jenès Ayisyen an anba ki bout mi yo ye.

Ou gen Etazini ki gen AT&T, Sprint, T-Mobil etc… pa gen kras problèm avèk operatè VOIP, paske yo konnen yo pa gen kontròl sa. Yo ka monte pri entènèt la, men bloke yon seri de aplikasyon, pou moun pa ka itilize, sou pretèks ou vle ede gouvènman ranmase lajan. Aplikasyon sa p’ap fè lajan sou apèl gratis moun yo fè sou li an, kouman ou vle fè moun konprann ou vle pou yo peye’w. Yo p’ap janm vle.

Yon sèl fason pou Digicel santi sa li fè an, se si nou sispann achte sèvis li. Pa gen anyen ki di Natcom pa pral fè menm bagay la tou men, nan moman la chanje rezo an. Digicel an Haiti dwe respekte Haitien menm jan Digicel Jamaique ap trete Jamayiken. Si yo gen pou bloke aplikasyon sa yo se pou yo bloke yo nan tout kote ki gen Digicel, men pa sèlman an Haiti.

Digicel pa sèl konpayi telefòn an Ayiti k’ap vann entènèt alò li vo mye nou chanje rezo. Yo pran pòz yo vle ede peyi’w tandiske yo tounen vanpi nan souse tout ti monnen yon moun gen nan pòch yo. Digicel Jamaique pi meyè mache ke Digicel Haiti.

23 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top