Culture

Premye jou kanaval Gonaives lan pote dèy gen moun ki mouri

GONAIVES, Haiti – Malgre tout bèl festivite ki nan Gonaives, sa pa te anpeche pou gen yon moun ki pedi la vi. Daprè nouvèl ki tonbe gen yon moun ki mouri, 40 moun blese. Se te pi move nouvel yo pou premye jou gra.

Apre sa lòt bagay ki te pase sè ke posesyon kanaval te kòmanse ta, premye cha te rive Dèkaro bò 7 tè. Plis pa te gen limyè nan kèk pati nan pakou an, men se Haiti tout moun ka konprann sa. Lòt bagay ki te pase gen kèk kote pou cha yo pase te yon jan trò kwense. Polis yo menm k’ap fè dezòd paske men yo trò lejè, yo pa ezite pou yo frape moun avèk baton ki nan men yo a, si tou lè yo ap proteje Ofisyèl ki antre nan foul la, tankou Prezidan ki pafwa antre nan foul la pou li ka dialoge avèk kèk moun oubyen pou li al pran ti plezi li tou.

Kreyol La nan Gonaives

Kreyol La nan Gonaives

Mesye polis yo fè sa ni nan Kanaval Okay la, Okap la, pouse moun pou san rezon malgre pafwa moun yo pa menm reyalize ke prezidan nan foul la, yo jis ap pouse.

Fanatik rasin yo pa te jwenn yon ti rasin menm pou Dimanch gra, paske gen yon sèl group rasin ki se BOUKMAN EKSPERYANS, e li pa te gen tan jwe. Djakout #1 pate gen tout tan Carimi avèk Team Lòbèy te gen, malgre sa yo fè ti sa pou yo te fè a, paske yo gen yon kanaval lari nan men yo, kote tout moun konnen kanaval yo an, tankou lè y’ap chante “Yo manyen madan Berto”, “Petit Berto, ne pleure pas, car un jour elle te reviendra”, “Avili yo”, “Djakout son fe datifis”, etc…

Anbyans avèk Vwadezil te byen fè li, Bann a pye yo menm anime anpil moun.

Moun nan ki mouri an, yo fè konprann se paske li bwè tròp alkòl.

10 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top