Culture

Pouki rezon pa gen jwè nwa nan ekip Argentine nan?

Pandan ke Argentine konstri pa syè esklav ki soti an Afrik, esklav goumen pou ba yo endepandans, gouvènman ap fè tout mwayen pou yo efase tout tras moun nwa nan kilti yo. E Jounen jodi yo gen 97% moun blan nan peyi an, yo klase yo kòm nasyon ki plus pure blan nan tout nasyon nan Amerique du Sud.

BRAZIL 2014: Pandan ke Coupe du monde prèske fini, yon pakèt piblikasyon nouvèl soti sou obzèvasyon sosyopolitik sou Brezil ak lòt peyi ki patisipe nan Coupe du Monde 2014 lan, Imigrasyon avèk jan moun diferan koulè entegre yo ansanm. Bagay sa bay anpil tèt fè mal, ou wè imaj yo nan kamera k’ap k’ap filme bèl jwèt foutbòl lan.

argentina-roster

Argentine ta dwe yon nasyon ki melanje, li ta dwe gen Endyen, Espanyòl, avèk moun nwa. E melanj sa ta dwe parèt nan ekip foutbòl yo tou. Si w’ap gade lòt peyi nan Amerik Santral, ak Amerik du Sud tankou Colombie, Equateur, Honduras, Costa Rica, Uriguey, Chili, ou ka wè jan ekip yo melanje, malgre yo gen problèm dikriminasyon lakay yo. Nan Copa del Mundo ou jwenn yon pakèt jwè nwa ki vin reprezante peyi sa yo. Men avèk anpil tristès Argentine pa janm mete yon jwè nwa nan seleksyon peyi an, malgre nou nan ane 2014, kote tout peyi ap fè efò pou yo konbat kont diskriminasyon.

Pou n’ale pi lwen preske pa gen moun nwa ki rete nan Argentine. Depi moun nan gen yon ti gout san moun blan nan li, li fè konnen se blan li ye. Nan tan koloni te gen ape prè 50% pou san moun nwa nan mwatye pwovens nan Argentine. General José de San Martín se li menm ki te an chaj revolisyon kont Espanyol yo nan Argentine, daprè estimasyon te gen 400 mil esklav ki te patisipe pou ede Argentine pran endepandans yo. 65 pousan gason ki te nan lame pou te bay Argentine endepandans se te moun nwa. An 2010 yo estime gen sèlman 150 mil moun nwa nan Argentine.

Kouman Afriken yo fè disparèt?

2014-07-09-argentina_roster

Malgre esklavaj te fini an Argentine depi an 1813, yo te kenbe anpil moun nwa kòm esklav. Yo te pwomès moun k’al goumen pou peyi an ap gen libète yo lè lagè an fini. Yo te mete yo devan anpil nan yo te mouri pou yon peyi ki pa te rekonèt dwa yo oubyen imanite. An 1853 te gen yon lwa ki te pase ki te fòse mèt esklav yo pou yo te bay 40% pousan nan esklav yo genyen pou militè. Yo te pwomèt esklav yo depi yo sèvi 5 ane nan militè an y’ap gen libète, men majorite de fwa yo pa te janm kenbe pwomès sa yo. Pandan plizyè ane gouvènman Agentine t’ap pwomote ki jan pou yo debarase de lòt ras, pou yo te ka gen yon nasyon moun blan e ki pa melanje.

Argentina nan tan jodia se peyi ki gen gen plis moun blan ladan nan Ameriques du Sud a 97% pousan daprè yon liv CIA ki rele FactBook. Ajanten yo fè tout sa pou yo fè pou yo k’ap retire depi se tras moun nwa nan kilti yo. Yo vle mete tèt yo kòm nasyon ki plis gen moun blan ladan andeyò Europe nan Amerique du Sud lan.

Sa ou p’ap li nan liv touris tankou Fodor ak Lonely Planet ke peyi Argentine te konstri pa syè esklav ki soti an Afrik. Anpil gro kontriksyon tankou Estancia, Santa Catalina de Cordoba, tout gro plas Jesuit ki te fonde an 1966 e ki fè pati de UNESCO, te konstri pa esklav e pou yo te ka rete an bon eta, yo te konn amenaje pa esklav. Gro plas sa yo gen yon seri de kay ki te fèt ak labou bò kote yo, kote pou esklav yo te ka dòmi jis konnye a.

Malgre tout sa Argentine ap fè tout sa yo konne, pou yo te ka efase orijin Afriken lakay yo, ebyen yonn nan dans yo danse lakay yo anpil ki rele TANGO, soti an Afrik. Yo k’ap kouri men yo pa ka kache, istwa la ap swiv yo.

Al li atik sa a an anglè, nan orijin li

To Top