Culture

Pou kisa (gen eleksyon) moun vote an Ayiti?

Franchman nou oblije mande pou kisa, paske nan yon peyi kote pèsòn pa responsab anyen, tout bagay se sou responsablite kominote entènasyonal la nou pa t’ menm bezwen fè eleksyon. Peyi a sou plizyè vitès, li sou kont twòp moun. Kòm nou toujou tande nan lang Kreyòl la ‘’Kabrit plizyè mèt mouri nan solèy’’ li senp pou nou rive konprann pwovèb sa a. Lè nou pran dezyèm tou eleksyon prezidansyèl ak palmantè 2011 yo, n’ap konprann byen se paske peyi a gen twòp mèt ki fè l’ nan kondisyon sa a jounen jodi a. Tou swit aprè eleksyon an tout dirijan, responsab ak obsèvatè nasyonal tankou entènasyonal pran laprès pou felisite pèp Ayisyen an ki manifeste volonte yo nan lapè. Malgre gen kote eleksyon an te gate moun pa t’ gen chans vote ak sa ki te mouri tou, dirijan yo te di kote eleksyon an gate ak moun ki mouri yo pa t’ kapab enfliyanse rezilta yo paske li pa t’ plis pase 1% (En pou san) se kòmsi moun ki mouri ak sa k’ pa t’ gen chans vote yo pa fè pati peyi a. Ok.

Lè pou rezilta te bay, iregilarite k’ pa t’ kapab enfliyanse eleksyon an paske l’ pa t’ 1% an rive prèske nan 20%. Ki kote peyi sa a prale? Tout pwosè vèbal afiche nan pòt biwo vòt (BV) men jounalis pa gendwa pran l’ epi retransmèt li sou lèzond. Tout bagay sa yo pouse nou mande pou kisa gen eleksyon nan yon peyi tankou Ayiti, pou kisa moun vote tou paske si lè yon moun vote vòt li a pa respekte pa t’ bezwen gen eleksyon.

Tankou jan koze a di a se yon kesyon de ‘’Je chèch ak je chèch’’ kòman w fè plante kalbas pou ap rete tann joumou? Tout bagay kat sou tab, tout kote w pase w tande pèp la ap mande Bouki epi yon ti gwoup moun ki pa menm 15% (Kenz pou san) ap rete tann mirak fèt pou Malis monte sou chèz la. Se nòmal pou moun ki panse yo konnen yo wont ak tout sa k’ nan tèt yo paske yo p’ap travay pou peyi a. Nou dwe antre nan batay pou devlope peyi a tou. Fòme pitit peyi a, mete yo nan limyè, fè yo konnen byen ak mal epi lè sa a nan tout sa n’ap fè n’ap kapab genyen konfyans nan pèp nou an. Gade sa k’ te pase nan peyi Japon aprè tranbleman tè 11 Mas 2011 yo, pou rive repare reyaktè nikleyè Fukushima yo, travayè yo bay vi yo pou peyi a. Yo ekri fanmi yo pou fè yo konnen gen nan nou ki kapab mouri nan travay la men nou p’ap gade dèyè depi se pou n’ ede peyi nou. Se de sa wi n’ap pale tout tan an, se konpòtman sa a yon moun fòme dwe genyen lè pou l’ aji pou peyi l’.

Konbyen nan nou k’ prè pou mouri pou Ayiti jounen jodi a? Si yon moun te reponn nou n’ t’ap sezi paske nan peyi pa nou an lè se pwoblèm reyèl k’ap trete yon moun p’ap di yon mo, men depi se demagoji nou mete tèt ansanm. Yon Japonè ki pa gen kay nan peyi l’ p’ap janm achte 2, 3 jiska 4 kay nan peyi etranje paske li fòme pou sa, depi tou piti yo montre l’ lakay avan tout bagay. Yo pa montre l’ pou l’ pran yon chèz pou l’ chita epi pou l’ap di lakay pa ofri l’ anyen men yo montre l’ mete men nan batay pou devlope peyi l’. Men kimoun sistèm edikatif ayisyen an fòme menm? Moun nou genyen ki gen gwo non nan peyi etranje yo, ki sa yo fè pou lakay menm, si yo pa ko fè anyen, kisa y’ap tann ak èske yo pa wont nan je limanite? Se tout kesyon sa a yo ak yon pakèt lòt ankò ki pran plas nan kè nou epi k’ap manje nou nan tout venn nou tou. Voye lang pèp la jete egal kraze brize. Nan ki peyi serye sou latè lè rezilta eleksyon pral bay pèp la chèche zam pou l’ fè dezòd osinon pou l’ pwoteje tèt li?

Pou kisa nou pa kòmanse fòme pèp la ak sa nou genyen an toujou, baton k’ nan men nou se avèk li nou dwe pare kou. Nou pa gen lajan pou n’ fòme pèp la se konsa nou toujou di sa, menm nan televizyon ak radyo Leta yo fè yon emisyon espesyal nan lang pèp la konnen an pou ede l’ konnen yon seri bagay k’ap enpòtan nan demen peyi a. Si nou pran kòm ekzanp sijè sa yo ‘’Pou kisa moun vote, kijan moun fè chwa nan eleksyon, enpòtans sa genyen pou viv ak moun, kisa demokrasi a ye, sikilasyon, enpòtans yon peyi pwòp san fatra ak polisyon, kisa yon lang ye ak kilti yon  peyi elatriye’’, lè sa a nou ta di moun ki plase pou sa yo vle fè devlopman.

Si nou vle gen rezilta diferan fòk nou chanje metòd travay la, pèp Ayisyen p’ap janm pa yon bon pèp, tout moun ki gen bon jan konprann kapab konprann emosyon ki kouvri pèp la nan kesyon chwa li yo nan zafè eleksyon. Moun ki konnen yo konnen tout bon vre paske yo panse pran lapawòl alèz kou blèz nan lang etranje se tout bagay yo, pa janm fè anyen pou ede pèp la pran kontwòl tèt li. Men aprè kèk tan menm moun sa a ki konprann li pa nan menm ran ak moun ki pale sèlman Kreyòl la pa kapab ap tann rezilta diferan nan men pèp la paske sa w plante se li w rekòlte, si w vle rekolte joumou pa plante kalbas.

Ekstrè liv: Enpòtans Yon Lekòl an Kreyòl an Ayiti a.

Djems VILLARDeleksyon lej copia

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top