Featured

Plis move nouvèl pou Brezil Neymar poko konnen si li ap ka jwe match kont Colombie an

BREZIL 2014 – Neymar fizikman bay anpil kè sote pou’l jwe ka de final la kont Colombie, apre antrenè Brezil lan Luiz Felipe Scolari oblije pale sou jan de tretman ke Neymar ap resevwa. Scolari ki jwenn yo gro soulajman apre Brezil bat Chili nan pènalite pou yo te ka avanse, men li trè pa kontan de jan de soufrans Neymar ap andire.

Ekip Brezil lan gen 5 jou oubyen 6 jou pou yo repoze avan y’al jwe avèk Colombie, men Neymar fizikman pa pre. Li gen jarèt li ki anfle daprè sa Scolari fè konprann. Scolari bay yon ekzanp kote li konpare lè li te antrenè Portugal lan, lè nan 5 minit de je defandè La Holland lan Khalid Boulahrouz kase Christiano Ronaldo an de, li te oblije soti nan jwèt lan pou 10 minit. LI fè konnen lè li wè Neymar apre match kont Chili an, se sa ki te vin nan lide’l. Gen moun ki di ke Neymar tonbe trò fasil men nan match sa li te sèlman tonbe 3 fwa.

LI ATIK SA TOU: Fanatik Brezil pran lari pou selebre gro viktwa yo pran sou Chili a (VIDEO)
Neymar03

Li bay yon rezanblans tout mond lan te vle pou yo te mete Brezil deyò nan konpetisyon an nan fen match lan lè Mauricio Pinilla te manke kase poto kan ak yon dènye boulèt. Men yo remèsye Julio Cesar pou match Eroyik sa li jwe an.

Scolari fè konnen ke match sa yo genyen nan pènalite an, e ni lòt 3 match sa yo, yo te jwe avan pa prouve ke Brezil bay yon bon pèfòmans. E jan ekip nasyonal lan ap jwe an bay Brezilien yo anpil problèm.

LI ATIK SA TOU: Digicel bloke VIBER avèk TANGO pou ede gouvènman Haitien ranmase lajan sou apèl entènasyonal

Julio Cesar – te ak dlo nan zye menm avan yo te kòmanse choute pènalite yo. Li fè konnen nan premye mitan Brezil te domine, yo te kreye anpil okazyon pou yo te fè gòl, men apre Chili te vin egalize, yo te rann lavi enposib pou nou. Sèl sa nou ka fè, se remèsye fanatik nou epi jwè yo ki te kenbe la fwa ke yo te ka bat. Gen anpil presyon sou nou pandan n’ap reprezante peyi nou. Li te di sou nou sikolojikman e emosyonèlman. Mwen te trè emosyonèl 4 ane de sa, e jodi an ou ka wè dlo nan zye’m ankò, men fwa sa se paske kè mwen kontan.

LI ATIK SA TOU: BREZIL 2014: Neymar placé sous investigation à cause de ses sous-vêtements

Pa gen anpil moun ki konnen sa mwen andire, mwen te konnen karyè entènasyonal mwen pa te ko fini. Nou gen gen 3 lòt etap pou nou pran la e mwen ta renmen pou Brezil selebre, sa se rèv mwen.

SOUS ATIK SA: dailymail.co.uk

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top