Haiti

Konsèy Sekirite Nasyonzini Adopte yon Rezolisyon ki mande pou Zak Vyolans ak Aktivite Kriminèl Sispann an Ayiti

SI OU RENMEN TRAVAY N'AP FE AN RENMEN (Like) NOU SOU FACEBOOK

NEW YORK, NY – Konsèy Sekirite Nasyonzini vote a l’inanimite pou enpoze premye sanksyon li kont Ayiti depi 5 an. Nouvo sanksyon sa yo vize moun ki apiye zak vyolans gang yo, ki lakoz ekonomi Ayiti an degraba, ensekirite ap vin pi grav chak jou epi sityasyon imanitè a rive nan yon nivo ki bay gwo kè sote.

Anbasadè Etazini nan LONU Linda Thomas Greenfield deklare apre vòt la: “Nap voye yon mesaj klè bay tout aktè mechan ki kenbe Ayiti an otaj: kominote entènasyonal la pa rete chita bra kwaze pandan nou fè dezòd konsa.”

Se Etazini ak Meksik ki patwone rezolisyon sa a. Li tabli yon premye peryòd de yon lane pou yon entèdiksyon vwayaj, li boke byen e li enpoze anbago zam kont moun oubyen antite ke yon nouvo komite sanksyon Konsèy Sekirite a sible.

Rezolisyon an vize an patikilye moun ki apiye oubyen finanse zak vyolans, kidnaping, zak vyolans seksyèl, trafik zam oubyen dwòg, trafik moun epi rekritman timoun pou antre nan gang yo. Moun kap bloke livrezon ak distribisyon asistans imanitè ka pran sanksyon tou.

Gouvènman Ayisyen an apiye mezi sa yo.

LONU di 60% kapital la, Potoprens, anba kontwòl gang ki ame jous nan dan. Gen plis pase 1,5 milyon moun ki afekte dirèkteman pa zak vyolans gang yo e gen 20,000 ki oblije kouri kite kay yo akoz move zak sa yo.

Sa lakoz sityasyon imanitè a ki te deja grav vin pi mal toujou. Moun pa gen aksè ak elektrisite, dlo potab, asenisman epi lopital yo paka fonksyone kòmsadwa. Met sou sa, yo estime gen 4,7 milyon moun ki an danje mouri grangou – yon chif ki reprezante yon tyè popilasyon Ayiti. Ekspè yo di ensekirite alimantè a rive nan yon nivo katastwofik kote li menase lavi 19,000 moun.

Sanksyon yo Sible Cherizier

Anbasadè Meksiken Juan Ramon Ramirez deklare: “Konsèy la voye yon siy klè ke fòk zak vyolans yo sispann, sa paka kontinye san punisyon pou responsab yo.”

Rezolisyon an site Jimmy Cherizier, alyas Barbecue kòm yon moun yo pral sanksyone.

Lidè gang notwa G9 Fanmi ak Alye a te patisipe nan atak kote anpil sivil te mouri lè li te manm Fòs Polis Nasyonal Ayiti (PNH). Konsèy la di kowlisyon gang li dirije yo responsab pou aksè ak tèminal petwòl Varreux aa ki bloke depi mitan mwad Septanm nan. Se pi gwo tèminal petwòl peyi a – e sityasyon an lakoz sityasyon imanitè a vinn pi grav.

Rezolisyon an mande tou pou Sekretè-Jeneral LONU Antonio Guterres nomen yon panèl ekspè ki ta voye rapò bay konsèy la sou sityasyon an epi rekòmande moun oubyen antite ki taka repon kritè sanksyon yo.

Pozisyon Larisi ak Lachin

Sanksyon toujou poze pwoblèm pou konsèy la paske gen manm tankou Larisi ak Lachin pa egzanp ki opoze yo kòm prensip. Men nan ka Ayiti, Lachin te mande sanksyon sa yo e Larisi te apiye yo tou apre rezolisyon an te pran an konsiderasyon premye kè sote li te genyen yo.

Anbasadè adjwen Larisi Dmitry Polyanskiy deklare: ” Malgre sipò nou pou dokiman an, nou pa si e sèten restriksyon entènasyonal sa yo ap reponn yon fason apwopriye pwoblèm konplike Ayiti ap fè fas.”

Anbasadè a di fòk yo jwen yon solisyon a lon tèm ki gen ladann pwosesis politik la, devlopman sosyo-ekonomik, lamizè, inegalite epi ranfosman enstitisyon leta yo.

Konsèy la ap konsidere tou yon deman Sekretè-Jeneral Guterres te fè, ki se yon repons pou demann gouvènman Ayisyen an te fè e li lap konsidere apiye lide pou yon fòs zame espesyalize entènasyonal (pa yon fòs LONU) ale Ayiti pou kwape zak vyolans gang yo.

Reyaksyon Anbasadè Ayiti nan LONU

Anbasadè Ayisyen an di fòs la ta ede PNH la e konsèy la ta dwe konsidere’l.

Anbasadè Antonio Rodrigue deklare: “Tan ap fè nou lagè. Se paske nap pale de yon peyi ki plonje pi fon chak jou nan zak vyolans ak ensekirite. Nap pale de lavi dè milye moun. Chak jou nou pèdi an tèm de jwen yon repons apwopriye pou sityasyon an vle di plis moun, twop viktim inosan ap soufri.”

Source/ VOA
Photo/Archives
www.anmwe.com

To Top