Crime

Michele Bennett avèk Jean Claude Duvalier t'ap viv yon vi Hollywood (VIDEO)

YON VIDEO POU TOUT HAITIEN GADE DE DUVALIER AVEK MICHELE BENNETT: Gen yon dokimantè CBS TE fè ki se yon chèn televizyon Ameriken ki rele “60 MINUTES”, yon montre jan de vi Duvalier avèk Michele Bennett te konn ap viv pandan malere an Haiti pa te ka manje. Pandan ke yon ke yon bon fanm ka mete yon gason nan yon nivo ki trè ro, se kon sa lè ou jwenn yon fi ki se yon renmen lajan, yon gran manjè li ka mennen’w sou po dèyè’w tou.

Gen yon video yo ke nou tout Ayisyen ta sipoze gade, pandan ke gen anpil jèn lè revolisyon kont Duvalier a yo te trè piti, yo pa konnen ekzakteman sa ki te pase men video sa ap montre nou kèk rezon ki te fè pèp Ayisyen te di yo bouke avèk rejim Duvalier.

[su_video url=”http://www.anmwe.com/news/wp-content/uploads/2014/video/Michele Benette grandiose.mp4″ poster=”http://news.anmwe.com/wp-content/uploads/2014/04/Michele-Bennett-Duvalier.jpg”]

Nan video an moun ap pale de Michele Bennett kouman li pran tèt Duvalier. Li marye avèk Duvalier an 1980, an 1985 tout zen pete sou rejim Duvalier an akoz de li. Rezon ki fè sa daprè dokimantè a, se akoz manmzèl te tro gouman, li pa te konnen lè li ase. Pandan malere an Haiti pa te ka manje Michele Bennett te ale an Frans avèk zanmi li, yo depanse plis pase 1.5 milyon dola nan achte. Ki sa yo achte konsa, rad, kilòt, bijou, valiz, avèk anpil lòt bagay, yo te achte manto ki fèt an rezanblans de plim chat (manteaux de fourrure, Fur coats), men te gen yon pwoblèm, Ayiti se yon peyi cho, ebyen pou Michele Bennett te ka mete manto sa yo an Haiti, se pa te premye fwa li te achte manto sa yo, e li gen zanmi li ki gen manto sa yo tou. Pandan li te an Frans li te tou achte refrijeratè ki pou fè sal kote yo ye an fè anpil fredi pou yo te ka mete manto yo lè l’ap fè spesyal fèt pou zanmi li. Pandan tout sa t’ap pase moun pa te ka manje

Ebyen Michele pou li te ka montre le mond, e pou li te ka gen anpil popilarite nan zye Ayisyen li te fè yo mete televizyon nan mache, sou plas piblik pou televizyon nasyonal te ka montre’l kouman li t’ap byen sèvi avèk malere yo. Te gen yon fèt ki t’ap fèt nan Port au Prince ke li te òganize kote yon pla manje te koute $500. Se te yon gro fèt ebyen fèt sa te sou televizyon nasyonal an dirèk kote malere t’ap gade yon fèt grandyoz sou non yo. Ebyen se bagay sa yo ki te fè pèp Ayisyen leve kanpe.

Pande ke Michele t’ap depanse milyon chak kote kòtèj prezidan te pase y’ap voye kraze monnen atè bay moun. Daprè sa yo di nan video an Lè Duvalier kite Haiti pou egzil yo te sove avèk $800 milyon dola, e nan kès leta yo te jwenn sèlman $500 mil dola.

Tout bagay sa yo te lakoz moun Gonayiv, e tout peyi leve kanpe. Li bon pou yon gouvènman mete tout sa li ap fè nan lari pou tout moun ka konnen sa k’ap pase men anmenmtan fò li pran anpil atansyon.

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top