Featured

Lebron James pran desizyon pou li soti nan kontra avèk Miami Heat

NBA – MIAMI HEAT – Apre 4 ane Lebron James pran desizyon pou li kraze kontra li te gen avèk Miami Heat lan, pou li ka eksplore opsyon li avèk lòt ekip. Pandan 4 ane sa ki sot pase la, Lebron mennen Miami Heat nan final 4 fwa, men yo sèlman chanpyon 2 fwa. Dènye final li sot jwe la, li parèt trè klè ke Lebron bezwen pli èd bò kote li. Avèk desizyon sa li pran, lòt ekip kapab aproche li, ofri li pou li vin jwe pou yo.

james

Pandan ke li chwazi pou li yon “Free Agent” sa pa vle di l’ap kite Miami. Men opsyon sa li pran mete anpil presyon sou Miami Heat. Yo oblije di li ki jan de lòt jwè y’ap pral pran pou mete jwe bò kote li. E sa ba li plis kontwòl sou karyè li e ki jan de jwè Miami pral achte, e Lebron James ka di yo ki jan de jwè li vle, men si li rete nan kontra li p’ap ka fè e di anyen, e nenpòt jwè yo ba li, li p’ap gen chwa ke aksepte.

LI ATIK SA TOU: Danje pou diaspora ki gen pou antre an Haiti

Ou gen yon pakèt lòt ekip tankou Chicago Bulls, Houston Rockets, L. A. Lakers, Cleveland Cavalier, L. A. Clippers, etc… ap fè tout mwayen ki posib pou yo wè si yo ta fè Lebron James vin jwe pou yo. Kòmanse depi premye Jiyè k’ap vini la, lòt ekip ap ka kòmanse kontakte li. Chris Bosh avèk Dwayne Wade toujou nan kontra avèk Miami Heat.

LI ATIK SA TOU: Zig Zag ki nan tèt Ronaldo a pa yon stil men yon omaj pou yon ti moun ki te fè operasyon nan tèt.

Bosh avèk Wade pa ka fè menm bagay Lebron fè an. Si yo pran menm chemen ak Lebron y’ap pedi anpil lajan, e sa ap ede Miami gen plis lajan pou yo siyen lòt jwè, e Miami Heat te gen dwa pa menm resiyen yo ankò. Lebron James gen 2 ane kite rete nan kontra li avèk Miami Heat, e li te gen pou li te touche $20 milyon dola lòt ane, e $42 milyon dola pou 2 ane si li rete nan kontra avèk Miami Heat.

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top