Featured

La nuit des jeunes se te yon dezas total kapital nan New York (LNDJ)

NEW YORK – Dj nan la nuit des jeunes te vin rive ap jwe menm mizik yo paske yo te pèdi kont mizik ki te jwe deja. LNDJ ki se te yon evènman ki te prezante pa JAZ ENTREPRISE ki te trè popilè nan New York, la jenès tankou lè pli aje, te mobilize Samedi ki te 5 Avril 2014 pou yo t’al fete. Avèk tikè ki t’ap vann $40 an avans, $50 nan gichè, $100 VIP ebyen moun rive andedan club lan, se DJ yo t’ap tande, si tèlman òganizatè LNDJ yo te mal planifye. Yon evènman yo gen yon ane pou planifye kouman fè yon djaz fè pa ka jwe akoz de son.

La Nuit des Jeunes

Sou Facebook, twitter, Instagram atis, tankou fanatik ap poste fistrasyon yo de LA NUIT DES JEUNES ki se yon evènman ki gen 9 ane depi l’ap fèt. Li te 1h nan maten pate gen yon djaz kite kòmanse jwe. Richie Klass te oblije monte sou Media Social fè eskiz a fantik yo paske Klass pa te gen jwenn opòtinite pou yo jwe.

Richie Klass ‏@RichieKlass   On behalf of #KLASS and myself,  we would like to take the time out to apologize for what happened last night at La Nuit Des Jeunes!

Richie Klass ‏@RichieKlass
On behalf of #KLASS and myself, we would like to take the time out to apologize for what happened last night at La Nuit Des Jeunes!

Yon evènman ki gen plis ke 2 djaz k’ap jwe li enpòtan pou yo kòmanse li byen bònè. LNDJ te gen 4 group djaz ki te afiche sou postè yo, se yon evènman ki ta dwe kòman pa pi ta ke 8h PM, pou chak te kapab jwe 1h 30minit de tan chak. E chak fwa yon djaz monte fò yo pran tan pou yo ka aranje enstriman yo. Akoz pa gen tan gen djaz ki sèlman pèfòme yon sèl moso mizik, e gen djaz ki pa gentan jwe menm.

2h AM enjenyè son ap monté desann sou Stage la malgre sa son an vini pi mal. DJ yo fè sa yo kapab pou yo te ka kenbe moun okipe de sa ki t’ap pase. Gen Mizik yo jwe plizye fwa, yon pedi kont. A 2h30 AM te gen yon djaz ki vin monte Kruz La, yo sèlman jwe yon sèl moso mizik, men li t’ap mye yo pa te jwe. 5 LAN akoz de move son yo pase inapèsi. Harmonik fè tout sa yo te kapab pou yo mete animasyon, malgre sa moun yo pa jwenn ankenn kalite. Shabba te vin monte, te resi gen yon ti animasyon andedan. Carimi te vin monte, moun te toujou pa satisfè. Bon son se yon yon gro bagay, San son pa gen anpil bagay yon djaz pa ka fè. Alò tout sa ki pase se fot pwomotè yo JAZ ENTREPRISE, man de preparasyon.

Sa se yon problem nou menm Ayisyen fanatik mizik ap pase. Promotè pase nou anba rizib tout tan. Yo chaje tèt nèg pou ou antre nan yon evènman epi yo pa mete yo sou men yo pou yo delivre. Fanatik kite kay yo rive nan club la, pa gen djaz k’ap jwe pou ki rezon paske yo pa gen son. Anpil fwa se djaz yo ki pote tout tò men li lè li tan pou nou kenbe promotè yo responsab de malfezan sa yo. Lè tout bagay konsa ap pase ou mèt ap chèche promotè sa yo ki òganize fèt lan ou pa fouti trouve yo. Lajan yo nan pòch epi yo disparèt. Lè bagay sa yo rive se fanatik yo ki sibi. Lè bagay konsa rive yo mete vi tout moun ki la andanje, paske a nenpòt kèl lè yon moun ka kòmanse yon batay, epi koz anpil moun viktim, e ka menm koz lanmò.

E yon bagay promotè Ayisyen genyen, yo pa vle pèdi 5 kòb menm. Lè yon fèt ou fè pase konsa le mye se remèt lajan ou te chaje moun yo, ou byen ofri moun sa yo ki te fè deplasman yon lòt tikè pou yon lòt evènman y’ap fè. Non sa pap janm fèt, yo kenbe lajan yo nan pòch yo. E y’ap ret tann prochèn fwa yon fè yon lòt evènman pou moun soti vin sipòte yo. E se yonn nan rezon ki fè moun pa soti ankò, akoz de promotè sa yo.

6 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top