Gossip

Kreyòl La ka jwenn sekou yon lejand nan mizik Ayisyen an

SON LARI – Ansyen Maetro Mizik Mizik lan, ki te jwe 3 ane nan Tabou Combo Fabrice Rouzier, ka al pote sekou’l bay Kreyòl La ki gen 2 mizisyen nan group la ki demisyone nan kòmansman mwa Avril la. Pa gen anyen ki di Fabrice pral la pou anpil tan men li ka vin ede yo nan moman difisil sa djaz la ap pase la.

Fabrice Rouzier

Si sa ta va rive, Kreyòl La ka trouve’l nan yon pi bon pozisyon mizikman palan. Fabrice Rouzier ki se te maestro Mizik Mizik, ki te fè anpil firè nan ane 90 yo. Yo te fè anpil Hit mizik, kote ou pa te ka pase yon 2 3 minit san yon radio an Haiti pa t’ap jwe yon mizik, Mizik Mizik. Yo te gen mizik tan kou, ” Lè n’ap fè lanmou, Robert, Farinen, Paradi nan lanfè, Blakawout, etc… ”

Ni Kreyol La, ni Fabrice Rouzier pa ko di anyen sou sa. Sa pa ko konfime se jis yon rimè k’ap kouri.

5 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top