Haiti

Kanmarad etidyan senatè Lambert te rache dan'l lan pran lari pou mande Jistis pou li

JACMEL, Haiti – Yon pakèt etidyan inivèsite nan Jacmel te pran lari pou mande jistis pou abi senatè Wencesclas Lambert te komèt kont Daniel Théodore ki se yon etidyan nan Université publique du Sud-Est de Jacmel.

Daniel Théodore ki se delege “Mouvement revendicatif pour l’avancement de Corail Soult” (MORACS), e ki nan dezyèm ane agonomi, te jwenn sipò etidyan parèy li nan Jacmel pou vyolan aksyon senatè Lambert te pran kont li nan yon reyinon, jis paske li te raple senatè a li te pwomès tout bagay sa yo depi nan eleksyon 2009, e li pate janm reyalize yo.

Etidyan nan Jacmel te pran lari pou pote sipò bay Daniel Theodore apre senatè Lambert te flank yon kout pwen li te rache dan li. Yo mande pou senatè an demisyone

Etidyan nan Jacmel te pran lari pou pote sipò bay Daniel Theodore apre senatè Lambert te flank yon kout pwen li te rache dan li. Yo mande pou senatè an demisyone

Se pa te sèl etidyan ki te vin poste sipò yo bay Daniel Theodore, te gen lòt politisyen avèk plizyè lidè òganizasyon sivil ki te la. Yo t’ap mande pou senatè Wencesclas Lambert bay demisyon li, e pou la polis arete li tou. Menm yon bandròl ki te gen non senatè Joseph Lambert ki se frè Wencesclas Lambert manifestan yo te rache e brile li.

Daniel Theodore te ale nan pakè Jacmel la, li te akonpanye pa 2 avoka ki se André Michel ak Newton Saint-Juste pou yo te ka depoze yon plent kont senatè Wencesclas Lambert. Avoka Andre Michel deklare ke palman dwe di yon mo sou jan senatè an te aji, e la jistis dwe antre nan ka sa san pa gen patipri.

Mesye Antoine Jean Feraud ki se komisyonè nan Jacmel, di l’ap fè sa ki dwe fèt nan ka sa a. Men li poko ka fè anyen paske senatè a gen iminite yo pa ka jis arete li kon sa , tout tan palman pa revoke iminite li.

Se pa premye fwa yon sitwayen nan Sidès, gen pwoblèm avèk yon senatè. An Septanm 2012 nan stidyo radio Bellevue entènasyonal nan Jacmel senatè Edwin Zenny ki gen pou non gate EDO, te krache nan figi yon jij depè nan Jacmel, profesè Lucien ak jij Simonis te depoze yon plent nan pakè Jacmel, jis ka mentnan pa gen anyen ki fèt.

Kèk sous enfomasyon nan: Le Nouveliste

11 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top