Featured

5 Ayisyen: 1 manman ak 3 pitit epi 1 grann pèdi lavi yo nan yon gwo aksidan

New York – 1 Manman, 3 timoun ak 1 grann pèdi lavi yo nan yon gwo Aksidan machin ki fèt samdi 23 Out 2014 la apre machin yo te ladan l lan te al frape nan yon pye bwa.

Myriam Lebrun ki se manman Marcus Jeanty ( ki gen 14 an), Marcel Jeanty (ki gen 9 an) ak Kayla Jeanty (ki gen 8 an) t’ap kondi yon 1998 Honda Accord pou li ale lakay li apre yo te sot wè kèk lòt fanmiy.

Pandan li t’ap vire nan yon koub ki gen yon pakèt pye bwa, li pèdi kontwòl machin lan epi li al frape nan yon pye bwa. Machin lan kraze nèt, se sèl debri machin lan ki rete. Grann timoun ( Yolande Moise ) ki te nan machin lan tou pèdi lavi li…

myriam

Pa Bliye kenbe fanmiy lan nan lapriyè

2 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

To Top